Ede moun yo pou yo koute Bondye
1. Ki bwochi ki te parèt nan kongrè distri “Se pou wayòm Bondye a vini!” e ki sa k fè bwochi sa yo vrèman itil?
1 Nan kongrè distri ki te gen tèm: “Se pou wayòm Bondye a vini!”, gen de nouvo bwochi ki te parèt. Youn gen tit Koute Bondye pou w viv pou toutan ak yon lòt vèsyon ki pi senp ki gen tit Koute Bondye. Lefètke bwochi sa yo pa gen anpil pawòl ladan yo, sa fè li fasil pou yo tradui yo e yo ka fè sa byen vit. Anfèt, lè bwochi sa yo te fèk parèt ann anglè, yo te deja bay otorizasyon pou yo tradui yo nan 431 lang.
2. Ki moun k ap jwenn byenfè nan bwochi sa yo?
2 Ki moun sitou k ap jwenn byenfè nan bwochi sa yo? Reflechi sou sitiyasyon ki vin apre yo, se sitiyasyon ki kouran nan monn nan:
• Yon pwoklamatè k ap pale ak yon moun li rankontre pou premye fwa oubyen k ap fè yon nouvèl vizit epi ki remake moun nan pa konn li oubyen moun nan pa li byen.
• Yon pwoklamatè k ap preche yon moun ki pale yon lòt lang, men pa gen anpil piblikasyon ki disponib nan lang sa a. Oubyen pifò moun nan tèritwa a pa ka li nan lang yo pale pi byen an.
• Yon pwoklamatè ki itilize lang siy pou l preche moun soud ki nan tèritwa l.
• Yon paran ki vle anseye timoun piti li genyen laverite men timoun yo poko konn li.
3. Ki fason yo prezante enfòmasyon ki nan bwochi Koute Bondye a?
3 Fason yo prezante enfòmasyon ki nan bwochi yo: Yo pa ekri anpil pawòl nan bwochi Koute Bondye a. An jeneral nan fen chak paj gen yon fraz tou senp ak yon vèsè ki atire atansyon moun nan sou pwen kle yo. Poukisa? Imajine yon moun ta lonje yon bwochi ba ou ki ekri nan yon lang ou pa ka li, petèt ou pa konnen lèt yo itilize yo. Èske yon bwochi konsa t ap enterese w, menm lè l gen plizyè bèl foto ladan l? Se sèten li pa t ap enterese w. Menm jan an tou, yon piblikasyon ki gen anpil pawòl ekri ladan l ka dekouraje moun ki pa konn li a byen fasil. Se sa k fè, yo te pran tan pou yo prepare bèl foto pou yo mete nan chak paj. Lè gen plizyè foto nan yon paj, gen yon ti flèch sou liy ki separe foto yo ki montre nan ki lòd pou nou egzamine foto yo nan konvèsasyon n ap fè ak moun nan.
4. Ki fason yo prezante enfòmasyon ki nan bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an?
4 Bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an gen menm foto ak bwochi Koute Bondye a. Yo fè l pou nou etidye ak moun ki pa konn li byen oubyen pou moun k ap aprann li. Anplis de sa, antanke anseyan, nou menm nou ka sèvi avè l lè n ap kondui yon etid ak yon moun ki nan bwochi Koute Bondye a. Apre chak de paj, pa anlè sou bò goch, gen yon kesyon yo poze e yo bay repons lan nan de paj yo. Gen kòmantè yo mete ansanm avèk foto yo e yo bay kèk vèsè kòm referans. Nan fen pifò paj, gen yon kare ki gen lòt enfòmasyon toujou ak vèsè yo bay kòm referans nou ka itilize pou nou fè konvèsasyon ak yon etidyan selon kapasite l.
5. Ki lè nou ka ofri bwochi sa yo epi kòman nou ka fè sa?
5 Fason pou nou itilize yo: Nou ka ofri bwochi sa yo nenpòt lè nou remake l ap bon pou nou fè sa lè n ap preche kay an kay, menm lè se pa bwochi n ap ofri nan mwa a. (Gade kare ki gen tit: “Fason nou ka prezante yo.”) Nou ka ofri yon bwochi lè nou retounen vizite yon moun ki enterese. Nou ka annik di l nou gen yon bagay nou ta renmen montre l epi nou lonje bwochi a ba li.
6. Kòman nou ka itilize bwochi sa yo lè n ap kondui etid biblik?
6 Piske pa gen kesyon ki tou enprime nan bwochi Koute Bondye a, nou pap ka fè yon konvèsasyon sou fòm kesyon repons ak moun yo jan nou konn fè sa lè n ap fè yon etid nan liv Sa Labib anseye a. Nan tout kilti moun renmen tande moun k ap rakonte yo istwa ki te pase. Donk, itilize foto yo pou nou esplike yo istwa ki nan Bib la, istwa Bondye enspire. Esplike moun nan foto yo. Fè sa yon fason vivan. Mande etidyan an pou l di sa li wè nan foto yo epi mande l sa l panse. Li vèsè ki nan fen paj la epi rezone ak moun nan sou sa vèsè yo di. Poze l kesyon dekwa pou l patisipe nan konvèsasyon an pou nou ka sèten li konprann. Si etidyan an ap itilize bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an, lè n ap egzamine foto yo, li kòmantè yo bay sou chak foto ansanm avè l epi li vèsè yo bay kòm referans yo.
7. Ki sa nou ka fè pou nou ede etidyan nou pwogrese?
7 Ede etidyan nou pwogrese: Nou swete, konvèsasyon nou fè ak etidyan nou an ap ede l anvi aprann li dekwa pou l ka aprann konnen Jewova poukont li tou (Mat. 5:3; Jan 17:3). Se sa k fè, si konvèsasyon nou fè ak moun nan se nan bwochi Koute Bondye a, petèt lè nou panse etidyan an pare, nou ka ofri l pou nou aprann li li. E kounye a nou ka vin fè etid la nan bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an. Kèlkeswa bwochi nou itilize, etidyan an pap pare pou l batize lè nou fin etidye bwochi a avè l. Nou dwe etidye liv Sa Labib anseye a avè l oubyen yon lòt piblikasyon apwopriye k ap ede l aprann plis bagay sou Bib la.
8. Poukisa nou rekonesan anvè Jewova pou nouvo zouti sa yo nou genyen pou nou itilize nan ministè a?
8 Pou moun yo ka viv pou tout tan yo bezwen koute Souvren linivè a (Iza. 55:3). E volonte Jewova se pou “tout kalite moun” aprann fason pou yo koute l, e moun ki pa konn li yo ladan l tou (1 Tim. 2:3, 4). Se pa ti rekonesan nou rekonesan anvè Jewova pou nouvo zouti sa yo nou genyen pou nou aprann moun yo fason pou yo koute Bondye!
[Kare nan paj 3]
Fason nou ka prezante yo
Montre moun nan paj 2-3, epi di l: “Èske w ta renmen viv yon bèl kote konsa? [Kite moun nan reponn.] Nan Labib [oubyen, nan liv sakre sa a] Bondye pwomèt nou talè konsa li pral fè tout tè a vin bèl, se pral yon kote k ap gen lapè e pap gen moun ki malere oubyen ki malad. Gade sa nou bezwen fè pou nou ka viv yon kote konsa. [Li Jan 10:27, 28, yo bay referans lan pa anlè nan paj 3 a.] Vèsè a di pou nou ‘vin jwenn’ Bondye epi pou nou ‘koute’ l. Men, ki jan nou ka koute Bondye?” Ale nan paj 4-5 epi egzamine repons yo bay la ak moun nan. Si moun nan pa gen tan, kite bwochi a pou li epi pran randevou avè l pou nou tounen vin egzamine repons kesyon an.