Annou sèvi ak bwochi pou nou rive touche ni lespri ni kè
1 Nou ta dwe prezante verite Bib la de fason pou nou touche ni lespri yon moun ni kè l. Lè Jezi te konn ap pale de laverite ak moun ki te konn koute l yo, li te toujou chwazi sijè ki enterese yo, sijè ki motive yo (Lik 24:17, 27, 32, 45). Pou nou jwenn siksè nan ministè nou, sa depann de efò nou fè pou nou rekonèt bezwen espirityèl moun ki konn koute nou.
2 Bwochi se zouti ki kapab efikas anpil nan zafè touche lespri ak kè moun nou rankontre nan ministè nou. Nou bezwen panse alavans a moun ki ta ka byen reyaji devan mesaj ki gen nan chak bwochi n ap prezante nan mwa d out la :
— Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? Moun ki gen pwoblèm ekonomik, oubyen ki viv yon sitiyasyon trajik, ap apresye mesaj rekonfòtan ki gen nan bwochi sa a konsènan avni san soufrans moun va jwenn.
— Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? Jèn k ap panse seryezman a avni yo ka pwofite repons biblik y ap jwenn nan bwochi sa a.
— Viv alèz sou tè a pou toutan ! Pakèt desen ki nan bwochi a ansanm ak pakèt vèsè ki site yo, ap ede jèn timoun ak moun ki pa twò maton nan li, pou yo konprann pwogram Bondye yo.
— Le gouvernement qui établira le Paradis. Nenpòt moun ki travay nan biwo leta ta sipoze enterese nan mesaj konsènan Wayòm Bondye a, ki va retire lèzòm anba tray la.
— Quand la mort frappe un être aimé... Anpil antreprenè ponp finèb renmen gen bwochi sa a sou lamen, pou yo ka bay fanmi ki aflije. Pwoklamatè ki preche nan simityè konn sèvi ak bwochi sa a pou yo rekonfòte moun ki an dèy. Gen de sè ki te abòde yon fanmi sèt manm ki t ap priye devan yon tonm. Kòm rezilta dèske yo te pataje mesaj rekonfòtan ki nan bwochi a ak moun sa yo, yon etid biblik te kòmanse ak manman an nan demen !
— Doit-on croire à la Trinité ? Yon moun ki trè relijye ka petèt apresye laverite nou jwenn nan bonjan dokiman sa a ki pale apwopo doktrin fondamantal lakretyente a.
3 Annou familyarize ak chak bwochi sa yo, e annou reflechi sou ki pi bon fason nou pral sèvi ak yo nan teritwa a. Pou nou jwenn kèk prezantasyon, nou kapab ale nan dènye paj Le ministère du Royaume jiyè 1998 la. Nou swete pou Jewova beni efò n ap fè pou nou touche ni lespri ni kè moun nou rankontre yo ! — Mak 6:34.