Yon kanpay espesyal pou distribye nouvo bwochi a
1 Anpil moun jodi a boulvèse akoz kondisyon ki gen nan monn nan. Men, se yon ti ponyen ki konprann rezon ki fè bagay yo konsa, e ki konprann sa k ap rive pi devan e ki sa yo dwe fè yon fason pou yo rete vivan nan jijman k ap vini an (Eze. 9:4). Pou nou ede yo rete vijilan konsènan siyifikasyon epòk nou an, gen yon kanpay espesyal k ap fèt pou distribye nouvo bwochi Kontinye veye ! a soti lendi 18 oktòb pou rive dimanch 14 novanm.
2 Nou kapab ofri bwochi a lè nou nan predikasyon kay an kay, lè n ap fè vizit, lè n ap bay temwayaj enfòmèl oswa lè n ap preche nan yon andwa piblik. Sepandan, nou pa dwe plede distribye nouvo bwochi Kontinye veye ! a san gade dèyè. Depreferans, nou dwe plase bwochi a sèlman bay moun ki montre yo vrèman enterese nan sa Bib la di sou siyifikasyon evènman mondyal yo. Nou kapab kite yon feyè pito nan men moun ki montre yo enterese toupiti sèlman nan mesaj la.
3 Nou kapab kapte atansyon yon moun lè nou di l :
◼ “ Anpil moun boulvèse akoz pwoblèm grav ak evènman chokan ki gaye jodi a. [Pale de yon egzanp yo konnen nan zòn nan.] Èske w te konnen Bib la te predi tout bagay sa yo ? [Kite moun nan reponn. Ansuit, li yon pasaj biblik ki apwopriye pou egzanp ou te pran an. Ou kapab li Matye 24:3, 7, 8 ; Lik 21:7, 10, 11 ; oswa 2 Tim. 3:1-5.] Bib la revele siyifikasyon epòk nou an e li fè konnen ki sa k ap tann lèzòm. Èske w ta renmen konnen plis toujou ? [Kite moun nan reponn. Si li montre yon enterè sensè, ofri l bwochi a.] Bwochi a pa pou vann. Si ou ta renmen fè yon ti ofrann pou travay mondyal nou an, n ap byen kontan resevwa l. ”
4 Oswa ou kapab twouve metòd sa a efikas :
◼ “ Anpil moun jodi a boulvèse akoz evènman chokan oswa akoz gwo pèd yo fè. Gen kèk moun ki mande poukisa Bondye pa entèvni pou frennen bagay sa yo. Labib ban nou asirans talè konsa Bondye pral aji pou l soulaje soufrans lèzòm. Gade ki benediksyon Bondye pral pote pou limanite. [Li Sòm 37:10, 11.] Èske w ta renmen konnen plis toujou ? ” Fè konklizyon an menm jan ak sa ki pi wo a.
5 Chèche pran non ak adrès chak moun ki aksepte yon bwochi epi fè aranjman pou w tounen vizite moun nan pou w antretni enterè a. Nou pral jwenn sijesyon sou fason sa ka fèt nan Ministè Wayòm novanm 2004. Si w jwenn yon moun ki montre l enterese toutbon depi nan premye rankont lan, ou kapab tou kòmanse yon etid biblik avè l swa nan bwochi Kontinye veye ! a swa nan yon lòt piblikasyon, pa egzanp bwochi Bondye vle a.
6 Apre nou fin egzamine sijè sa a, nouvo bwochi a ap disponib tousuit apre reyinyon sèvis la. Pou kòmanse, nou mande pwoklamatè yo ak pyonye yo pou yo pran sèlman kantite y ap bezwen pou kèk premye jou nan kanpay la. Nou swete pou Jewova beni aktivite espesyal sa a pou louwanj li ak pou byen moun sensè ki toupatou. — Sòm 90:17.