BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/15 p. 3
  • Valiz zouti nou genyen antanke anseyan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Valiz zouti nou genyen antanke anseyan
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Ann kontinye anseye laverite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Byen sèvi ak zouti nou genyen pou anseye yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Preche “tout kalite moun”
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sèvi ak zouti pou n fè rechèch yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 7/15 p. 3

Valiz zouti nou genyen antanke anseyan

1. Nan ki sans kretyen k ap evanjelize yo sanble ak bòs atizan yo?

1 Bòs atizan yo itilize divès kalite zouti. Byenke gen kèk zouti se yon lè konsa yo itilize yo pou yo fè kèk travay byen presi, gen lòt zouti de baz yo itilize yo souvan. Bòs atizan ki gen eksperyans yo toujou gen zouti de baz yo nan valiz zouti yo, e se zouti sa yo yo pi byen konn fason pou yo itilize yo. Bib la ankouraje chak kretyen pou l konsantre l sou ministè a e pou l vin “yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont”. (2 Tim. 2:15.) Ki zouti ki pi enpòtan nou gen nan valiz zouti nou? Se Pawòl Bondye a ki prensipal zouti nou itilize pou nou “fè disip”. (Mat. 28:19, 20.) Se sa k fè nou dwe fè efò pou n vin abil nan fason nou “manyen pawòl verite a”. Sepandan, tout kretyen dwe aprann byen sèvi ak kèk lòt zouti nou itilize souvan, ki nan valiz zouti nou, pou nou anseye moun yo laverite. — Pwo. 22:29.

2. Ki zouti de baz nou itilize pou nou anseye moun yo?

2 Zouti de baz nou itilize pou n anseye: Ki lòt zouti nou dwe itilize anplis Bib la? Zouti nou sitou itilize pou nou anseye moun yo verite ki nan Bib la se liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Lè nou fin etidye liv sa a ak yon etidyan, nou sèvi ak liv “Rete nan lanmou Bondye” a pou n ede l aplike prensip biblik yo nan lavi l chak jou. Se sa k fè nou dwe vin fò nan itilize piblikasyon sa yo. Mete sou sa, gen kèk bwochi ki dwe nan valiz zouti nou antanke anseyan. Bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! se youn nan prensipal zouti nou itilize pou n kòmanse etid biblik ak moun yo. Si gen moun nan tèritwa nou ki pa konn li byen oubyen moun ki pale yon lang se kèk piblikasyon nou gen nan lang sa a oubyen nou pa gen piblikasyon nan lang sa a ditou, nou ka sèvi ak bwochi Koute Bondye oswa Koute Bondye pou w viv pou toutan an tou. Zouti de baz nou itilize pou n dirije etidyan yo vin nan òganizasyon Jewova a se bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? Kèk videyo ki vrèman itil pou ede nou fè disip tankou videyo Poukisa nou dwe etidye Labib?, Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? ak videyo Dieu a-t-il un nom? an, se zouti nou dwe aprann byen sèvi avèk yo tou.

3. Ki sa kèk Ministè Wayòm k ap vini pral ede nou fè?

3 Gen kèk Ministè Wayòm k ap vini ki pral ede nou vin maton nan sèvi ak ti kantite piblikasyon de baz nou gen nan valiz zouti nou antanke anseyan. Toutpandan n ap fè efò pou n byen itilize zouti sa yo, n ap koute konsèy sa a Bondye enspire ki di: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” — 1 Tim. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje