Konsève l
Èske w sèvi ak bwochi sa yo?
La Bible — Quel est son message?
Yo fè bwochi sa a pou moun ki prèske pa konn anyen nan Bib la, sitou moun ki nan relijyon kote moun yo pa kretyen
Fason pou nou prezante l: “Nou ta renmen tande opinyon w sou pawòl sa a nou jwenn nan Ekriti yo (oubyen nan liv sakre sa a). [Li Sòm 37:11, yo bay chapit 37 la kòm referans nan 11yèm pati a (fransè).] Dapre ou menm ak ki sa tè a pral sanble lè pwofesi sa a reyalize? [Kite moun nan reponn.] Sa nou li nan vèsè sa a se yon egzanp nan espwa ak rekonfò yon moun ka jwenn nan Bib la kèlkeswa kilti l e kèlkeswa kwayans li.” Li paragraf ki anlè nan paj 3 a ak moun nan, apre sa, ofri l bwochi a.
Nou ka eseye sa a: Si w ap fè yon etid biblik nan liv Sa Labib anseye a ak yon moun ki nan yon relijyon kote moun yo pa kretyen, chak semèn, pran kèk minit nan kòmansman etid la oubyen nan fen etid la pou nou egzamine yon pati nan bwochi sa a pou nou ka bay moun nan yon rezime sou sa ki nan Bib la.
Un livre pour tous
Yo fè bwochi sa a pou moun ki fè gwo etid men ki prèske pa konn anyen nan Bib la
Fason pou nou prezante l: Li 2 Timote 3:16, 17. Apre sa di moun nan: “Èske w dakò se Bondye ki enspire Bib la, jan nou sot li sa nan vèsè a? Oubyen èske w panse Bib la se jis yon bon liv? [Kite moun nan reponn.] Pifò moun gen opinyon yo sou kesyon sa a, men nou remake se kèk grenn moun sèlman ki pran tan pou yo egzamine Bib la. [Li eksperyans yo site anba tit ki nan paj 3 a ansanm ak li.] Bwochi sa a, ki vrèman enteresan, atire atansyon nou sou kèk bon rezon ki fè tout kalite moun ta dwe pran yon ti tan pou yo egzamine enfòmasyon ki nan Bib la, kèlkeswa fòmasyon yo te resevwa e kèlkeswa kwayans yo genyen.”
Nou ka eseye sa a: Si moun nou rankontre a aksepte bwochi a, nou ka di l: “Youn nan rezon ki fè kèk moun konn panse Bib la pa gen bagay enpòtan pou l aprann yo, se paske relijyon yo pa bay moun yon bon enpresyon sou Bib la, yo defòme ansèyman ki ladan l yo. Lè m tounen mwen ta renmen ba ou yon egzanp sou sa m sot di w la.” Lè w retounen, egzamine kèk enfòmasyon ki nan paj 4-5 ak li.
Ou kapab vin zanmi Bondye!
Yo fè bwochi sa a pou moun ki pa fè gwo klas oubyen moun ki pa konn li byen
Fason pou nou prezante l: “Èske w panse li posib pou nou vin zanmi Bondye? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Jak 2:23.] Yo fè bwochi sa a pou ede nou vin zanmi Bondye menm jan Abraram te zanmi Bondye.”
Nou ka eseye sa a: Kit nou fèk rankontre yon moun, kit se yon nouvèl vizit n ap fè, montre moun nan fason nou kondui yon etid biblik. Egzamine tout leson 1 an avè l oubyen fè yon pati ladan l.
La route qui mène à la vie éternelle: L’avez-vous trouvée?
Yo fè bwochi sa a pou moun ki kwè li enpòtan pou yo adore Bondye, men y ap mande tèt yo si se yon sèl fason ki genyen pou yo fè sa.
Fason pou nou prezante l: “Moun adore Bondye divès fason. Si relijyon se tankou yon wout, èske w panse tout wout sa yo ap mennen moun nan lavi etènèl? [Kite moun nan reponn.] Ann gade repons Jezi te bay pou kesyon sa a, li menm ki se gran Anseyan an. Li Matye 7:13, 14. Jan nou sot li nan vèsè sa yo, se sèlman de wout ki genyen, sa vle di gen de relijyon: Youn ap mennen nan destriksyon e lòt la ap mennen nan lavi etènèl. Gade imaj ki sou kouvèti bwochi sa a. Yo fè bwochi a pou ede nou jwenn wout k ap mennen nan lavi etènèl la.”
Nou ka eseye sa a: Si moun nan aksepte bwochi a, nou ka di l:“Gen anpil moun ki di yon moun ka jwenn laverite nan nenpòt relijyon. Lè mwen tounen vin wè w, mwen ta renmen egzamine kesyon sa a ansanm avè w: ‘Èske tout relijyon anseye laverite?’” Lè w retounen vizite moun nan, egzamine paragraf 2-4 ki nan paj 4 ak paj 5 avè l.
Kontinye veye!
Yo fè bwochi sa a pou ede tout kalite moun byen konprann nan ki epòk n ap viv jodi a
Fason pou nou prezante l: “Gen anpil moun ki nan lapenn akoz gwo evènman terib ki pase oubyen akoz yo gen moun pa yo ki mouri oubyen akoz gwo pèt yo fè nan domèn materyèl. Gen kèk nan moun sa yo k ap mande tèt yo poukisa Bondye pa anpeche bagay sa yo rive. Bib la ban nou asirans Bondye pral elimine tout soufrans lèzòm genyen talè konsa. Gade ki byenfè nou pral jwenn. [Li Sòm 37:10, 11.] Èske w pa ta renmen konnen ki sa w dwe fè pou w jwenn benediksyon sa yo? Bwochi sa a ap ka ede w kontinye veye pandan n ap viv nan denye jou sa yo.”
Nou ka eseye sa a: Si w se yon elèv lekòl, ou ka kite bwochi a sou ban w lan, epi gade pou w wè si sa pap eveye enterè kèk nan kamarad ou yo, konsa yo ka vin poze w kesyon sou li.
Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
Yo fè bwochi sa a pou moun ki soti nan tout kouch sosyal, piske gen anpil nan yo ki nan lapenn akoz yo gen moun pa yo ki mouri.
Fason pou nou prezante l: “Dapre ou menm, èske yon lè l ap posib pou okenn nan nou pa gen yon moun pa nou ki mouri? [Kite moun nan reponn.] Pawòl ki nan bèl bwochi sa a te rekonfòte plizyè milye moun grasa pwomès sèten ki nan Bib la ki fè nou konnen jou sa a pral rive talè konsa. [Ale nan paj 5, epi li 5yèm paragraf la ansanm ak moun nan, epi li 1 Korentyen 15:21, 22. Apre sa, montre moun nan imaj ki nan paj 31 an.] Nan imaj sa a, atis la ede nou imajine lajwa nou pral genyen lè nou pral akeyi moun pa nou yo ki pral resisite. Men, ki kote sa pral fèt? Nan bwochi sa a w ap aprann repons Bib la bay pou kesyon sa a.” Si moun nan aksepte bwochi a, nou ka di l: “Mwen ta renmen tounen nan kèk jou pou m ka ede w jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a.”
Nou ka eseye sa a: Sèvi ak bwochi sa a pou n rekonfòte moun ki gen moun pa yo ki mouri, tankou vwazen nou, kamarad lekòl nou ak kolèg travay nou.
Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?
Yo fè bwochi sa a pou ede moun yo konprann Bondye enterese nan zafè lèzòm e li gen sousi pou nou
Fason pou nou prezante l: Apre w fin mansyone yon evènman trajik ki fè aktyalite, ou ka di: “Èske w janm mande tèt ou poukisa Bondye kite lèzòm ap soufri? Èske l gen sousi pou nou toutbonvre? [Kite moun nan reponn.] Bwochi sa a byen reponn kesyon sa yo, epi li montre ki sa Bondye pral fè talè konsa. [Montre moun nan foto ki nan paj 27 la, epi li Sòm 145:16 nan paragraf 22 a.] Ki jan Bondye pral elimine tout soufrans limanite konnen yo? Mwen ta renmen egzamine kesyon sa a avèk ou lè m retounen vin vizite w.” Ofri moun nan bwochi a epi pran randevou pou w retounen.
Nou ka eseye sa a: Toujou mache ak yon bwochi nan aktivite n ap mennen chak jou, epi chèche yon bon mwayen pou nou ofri moun nou rankontre yo bwochi a.
Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie
Yo fè bwochi sa a pou ede jèn kretyen ki nan lekòl kote y ap anseye evolisyon (yo pa fè l pou nou preche kay an kay). Li itil tou pou ede nou rezone ak yon evolisyonis, ak yon moun ki panse li enposib pou moun konn laverite sou Bondye, sou lavni, oswa ak yon moun ki ate
Fason pou nou prezante l bay yon evolisyonis oswa bay yon moun ki ate: “Prèske tout liv lasyans yo anseye evolisyon. Dapre ou menm, èske evolisyon an se yon teyori oswa yon fè reyèl? [Kite moun nan reponn.] Mwen sèten w ap dakò avè m li bon pou nou enfòme e pou nou balanse bagay yo anvan pou nou konn sa pou n deside. Bwochi sa a prezante yon seri fè reyèl ki pouse anpil moun konprann lavi pa t parèt konsa konsa, men se kreye yo te kreye lavi.”
Nou ka eseye sa a: Nan lekòl ou, kite bwochi a sou ban w lan, epi gade pou w wè si sa eveye kiryozite kamarad ou yo.