Annou byen sèvi ak ansyen peryodik yo
Etandone ansyen peryodik yo pap itil pèsonn si yo ret stoke yon kote, nou ta dwe sèvi avèk yo nan travay predikasyon an. Yon senp peryodik ka pouse yon moun anvi konnen laverite, e sa ka pouse l kòmanse envoke non Jewova (Wom. 10:13, 14). Sijesyon ki vin apre yo kapab ede n wè fason nou ka byen sèvi ak ansyen peryodik yo.
Lè n ap preche nan tèritwa yo pa preche souvan, petèt, nou ka kite yon ansyen peryodik nan kay nou pa jwenn moun yo yon kote moun k ap pase pap wè yo.
Lè n ap bay temwayaj an piblik kote ki gen moun k ap tann, tankou nan estasyon bis oswa estasyon tren, mande moun yo si yo pa ta renmen li yon bagay. Montre yo kèk ansyen peryodik nou genyen epi, kite yo chwazi.
Lè n al nan mezon retrèt, nan klinik, nan kote moun peye pou lave rad nan machin oswa kèk lòt kote ki sanble ak kote sa yo ki nan tèritwa kongregasyon nou an, nou ka kite kèk ansyen peryodik nan zòn sa yo. Si moun ki responsab kote sa yo la, li toujou pi bon pou n jwenn pèmisyon l anvan. Si w wè gen yon kantite peryodik ki toujou la, pa kite lòt.
Lè w ap prepare w pou w retounen vizite kèk moun, chèche wè sa ki enterese chak moun ou pral vizite yo. Èske l gen yon fanmi? Èske l renmen vwayaje? Èske l renmen fè jaden? Chèche pami ansyen peryodik yo pou w wè si pa gen yon atik moun nan t ap byen kontan li, epi montre l atik la lè w vin vizite l.
Apre w fin fè anpil efò pou w vizite yon moun ki te montre l enterese, lè w rejwenn li, montre l kèk ansyen peryodik li pa t gentan li.