Pwogram pou semèn 7 avril
SEMÈN 7 AVRIL
Kantik 15 ak priyè
Etid biblik kongregasyon an:
cl chap. 5 § 9-17 (30 min.)
Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Egzòd 7-10 (10 min.)
No 1: Egzòd 9:20-35 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ki fason Jezi ap retounen, e nan ki sans tout je ap wè l? — rs-F p. 330 § 4–p. 331 § 5 (5 min.)
No 3: Abishaï — Nou dwe fidèl epi nou dwe pare pou n ede frè n yo — it-1-F p. 25 (5 min.)
Reyinyon sèvis:
10 min: Ann ofri peryodik yo pandan mwa avril la. Konvèsasyon. Pou kòmanse, fè de demonstrasyon pou nou montre fason nou ka ofri peryodik yo. Sèvi ak modèl prezantasyon ki nan paj sa a. Apre sa, byen egzamine toule de prezantasyon yo bay kòm modèl yo. Fè yon konklizyon ki tou kout pou ankouraje pwoklamatè yo vin byen konnen sa k nan peryodik yo e pou yo prezante moun yo peryodik yo ak tout kè yo.
10 min: Pa bliye montre nou akeyan (Ebre 13:1, 2). Diskou pou yon ansyen fè. Fè yon ti pale sou dispozisyon yo pran nan kongregasyon an pou Memoryal la. Bay kèk fason tout moun ka akeyi pwoklamatè ki inaktif yo ak moun ki vin asiste Memoryal la pou premye fwa yo. Fè yon demonstrasyon tou kout ki gen de pati. Nan premye pati a, montre yon pwoklamatè, anvan Memoryal la kòmanse, k ap akeyi yon moun ki te jwenn yon envitasyon pandan kanpay la. Nan dezyèm pati a, montre pwoklamatè a k ap fè aranjman ak moun nan, apre Memoryal la, yon fason pou l ka al vizite moun nan.
10 min: Ki jan nou te fè? Konvèsasyon. Mande pwoklamatè yo ki byenfè yo te jwenn lè yo te aplike pwen ki nan atik “Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fason pou n reponn objeksyon”. Mande moun yo pou yo bay kèk egzanp.
Kantik 20 ak priyè