Peryodik yo preche mesaj Wayòm nan
1 Tout moun fin konnen Temwen Jewova yo antanke predikatè zele, k ap anonse Wayòm Bondye a. Peryodik nou abitye distribye yo, La Tour de Garde ak Réveillez-vous !, se de jounal ki jwe yon gwo wòl nan fason yo ede plizyè milyon moun aprann pwogram Bondye genyen. Mesaj ki ladan yo se vrèman yon Bòn nouvèl, paske yo fè moun konnen Wayòm Bondye ki nan syèl la se sèl espwa lèzòm genyen.
2 Peryodik sa yo rive touche vrè pwoblèm moun genyen : pwoblèm afektif, pwoblèm sosyal, pwoblèm espirityèl. Etandone toupatou bagay ki te gen enpòtans moral ansanm ak bon jan prensip ki gen anndan fanmi, se plonje y ap plonje desanm, La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! ede moun yo amelyore fason y ap viv, nan montre yo ki jan yo ka mete prensip Bib la an pratik. Se va tout plezi nou, nan mwa avril ak me, pou nou prezante peryodik sa yo.
3 Yo vrèman atiran : La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! disponib nan lang pifò moun sou tè a. Se poutèt sa, kote yo parèt, moun rekonèt yo. Men kèk rezon ki fè moun twouve yo atiran :
◼ Kòm se jounal k ap soutni sa ki dwat ak sa ki vre, yo montre byen klè ki diferans ki genyen ant sa ki byen ak sa ki mal.
◼ Yo bay espwa yon paradi jistis ki gen pou vini, e espwa sa a baze sou pwomès Bondye fè pou Wayòm li a domine tout tè a.
◼ Yo abòde tout kalite sijè ki atire tout kalite moun, kèlkeswa edikasyon l, kèlkeswa kilti l, e sijè sa yo parèt atan.
◼ Atik yo pa long, yo fèt pou enstwi moun, se bon jan dokiman, yo pa gen prejije, ni yo pa fè konpwomi.
◼ Bèl ilistrasyon ki sèvi pou apiye sa k ap di yo, kapte enterè moun tousuit, e atik yo ekri nan yon estil klè ki fè yo fasil pou moun li.
4 Annou distribye yo toupatou : Pou nou efikas nan distribye peryodik yo, sa depan de efò nou fè pou nou prepare prezantasyon nou yo, pou nou byen pwograme tan nou, e pou nou òganize fason n ap patisipe nan predikasyon. Nan Le ministère du Royaume sektanm 1995, ak oktòb 1996, nou jwenn yon seri sijesyon, e li ta bon pou nou gade yo ankò, e pou nou mete yo an pratik.
5 Se pou nou familyarize ak peryodik yo : Pandan n ap li chak nimewo, se pou nou reflechi pou nou wè kiyès ki ta ka enterese genyen yon kopi. Se pou nou chache kèk pwen presi, oswa kèk vèsè biblik nou ta ka site nan prezantasyon nou an. N ap imajine yon kesyon nou ta ka poze, pou nou kòmanse yon konvèsasyon, e pou nou ogmante enterè moun nan pou sijè a.
6 Se pou nou adapte prezantasyon an : N ap prepare yon prezantasyon senp, yon prezantasyon fasil pou adapte, ki ka enterese yon gason, yon fi, yon granmoun oswa yon jèn, kit se yon moun nou konnen, kit se yon moun nou pa konnen.
7 Nou bezwen gen La Tour do Garde ak Réveillez-vous ! soulamen : Piske peryodik nou yo antre byen fasil nan yon valiz, yon bous nou gen nan men n, oswa yon pochèt peryodik, nou ka toujou genyen kèk avèk nou, lè nou nan vwayaj, oswa lè n ap fè acha. Se pou nou ofri yo lè n ap pale ak paran, zanmi, vwazen, kòlèg travay, kondisip lekòl, oubyen pwofesè nou genyen. Annou mete yon jou apa, chak semèn, espesyalman pou nou bay temwayaj ak peryodik.
8 Annou montre nou apresye peryodik yo : Yo pa janm pèdi valè. Menm si tan pase, sa pa fè mesaj ki anndan yo vin gen mwens enpòtans. Alaverite, depi nou fè yon efò espesyal pou nou plase tout peryodik ki vin nan men nou, ansyen nimewo pap oblije monte pil sou pil sou etajè lakay nou.
9 Temwayaj nan lari bay bon rezilta : Se youn nan pi bon mwayen pou nou ofri pi plis moun peryodik. Gen kèk pwoklamatè ki toujou preche nan zòn ki gen aktivite komès, nan jou ki gen travay.
10 Katye komès yo pote bon fwi : Lè nou preche nan boutik oswa nan magazen, nou pa rankontre anpil absan. Pifò nan moun ki gen biznis se moun ki gen anpil respè, anpil konsiderasyon pou moun, e yon bon valè nan yo byen kontan asepte peryodik. Annou prezante atik ki apwopriye pou biznis moun nan.
11 Wout peryodik ka ede nou jwenn rezilta : Piske peryodik yo parèt de fwa pa mwa, se tou natirèl pou nou retounen wè tout moun ki gen abitid li yo, e pou nou pote nimewo apre yo pou yo. Nou ta dwe toujou ap fè nouvèl vizit, pa sèlman pou nou fè plasman, men pou nou devlope enterè moun nan pou Bib la. Wout peryodik se bon mwayen pou nou vin gen etid biblik.
12 Ann travay toutotan nou kapab ann avril e an me : La Tour de Garde ak Réveillez- vous /rive kapte konfyans plizyè milyon lektè, ki konn apresye. Piske yo efikas kon sa nan zafè preche mesaj Wayòm nan, objektif nou se ta dwe toujou genyen yo sou nou, pou nou ka ofri yo nan tout okazyon. Nou swete pap gen tankou de mwa sa yo, avril ak me, nan zafè difizyon !