Annou ofri peryodik nou yo ki “ rann temwayaj pou laverite ”
1. Ki wòl Toudegad ak Réveillez-vous ! jwe nan travay preche Wayòm nan ?
1 Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a ak Réveillez-vous ! se de peryodik ki jwe yon wòl kapital nan travay preche Wayòm nan ak travay fè disip la (Mat. 24:14 ; 28:19, 20). Nou pran plezi pou nou prezante peryodik sa yo regilyèman lè n ap patisipe nan divès aspè sèvis Wayòm nan.
2. Ki chanjman ki te fèt nan Toudegad ak nan Réveillez-vous !, e poukisa yo fè chanjman sa yo ?
2 Ofiramezi ane ap pase, gen anpil chanjman ki fèt nan fòma peryodik sa yo ak nan sijè yo trete. Anplis de sa, nou wè chanjman ki fèt nan metòd nou itilize pou nou distribye peryodik sa yo. Yo te fè chanjman sa yo nan objektif pou peryodik sa yo vin pi atiran e pou yo vin pi efikas, dekwa pou mesaj Wayòm nan touche kè ‘ tout kalite moun pou yo rive gen yon konesans egzak sou laverite e pou yo kapab sove ’. — 1 Tim. 2:4.
3. Ki jan nou pral sèvi ak peryodik yo nan ministè a ?
3 Depi janvye 2006, nou sèvi ak divès prezantasyon pou nou ofri Réveillez-vous !, yon peryodik ki parèt yon fwa pa mwa. Kounye a, nou pral fè menm jan an pou Toudegad. Sa vle di, nan ministè nou, nou pral ofri yon sèl peryodik Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Modèl prezantasyon pou peryodik sa a n ap ofri a ap parèt nan dènye paj Ministè Wayòm nan. Jeneralman, prezantasyon Toudegad piblik la ap atire atansyon sou youn nan premye atik ki parèt nan peryodik la, men pafwa y ap pale de kèk lòt atik anpil moun twouve ki enteresan. N ap itilize sijesyon yo bay yo yon fason pi efikas si nou li atik yo sijere fason pou nou prezante yo e si nou sèvi ak pwòp mo nou pou nou adapte prezantasyon sa yo ak tèritwa nou.
4. Poukisa li ka pi bon pou nou sèvi ak lòt prezantasyon anplis prezantasyon yo sijere nan Ministè Wayòm nan ?
4 Byenke Ministè Wayòm nan gen de sijesyon pou chak peryodik, nou ka sèvi ak yon lòt prezantasyon. Youn nan rezon ki ka fè w deside fè sa sèke lòt atik yo ka plis atire moun yo nan tèritwa pa w la. Petèt tou, se kapab paske w panse prezantasyon w lan ap pi efikas si w sèvi ak yon atik ki enterese w patikilyèman.
5. Anvan nou prepare yon prezantasyon, ki sa nou dwe fè ?
5 Fason pou nou prepare prezantasyon yo : Toudabò, nou dwe byen li atik nou chwazi prezante a. Petèt nou ka pa gen tan li chak atik ki nan peryodik la anvan nou kòmanse sèvi avè l nan ministè a. Sepandan, nou dwe montre nou antouzyas e nou sensè lè n ap prezante atik nou chwazi a. N ap rive fè sa lè nou byen konnen enfòmasyon n ap prezante yo.
6. Ki jan nou ka prepare pwòp prezantasyon nou ?
6 Ansuit, se pou nou fleksib lè n ap prepare premye pawòl n ap gen pou nou di yo. Ou kapab kòmanse yon konvèsasyon ak yon kesyon enpòtan ki eveye enterè moun w ap pale avè l la. Nou dwe toujou konte sou Pawòl Bondye a pou nou ka touche kè moun yo (Ebre 4:12). Li bon pou nou chwazi yon vèsè biblik apwopriye ki gen rapò ak sijè nou itilize a, depreferans n ap chwazi yon vèsè yo bay kòm referans oswa yo site nan atik n ap prezante a. Nou dwe reflechi sou fason n ap gen pou nou montre rapò ki genyen ant vèsè a ak atik la.
7. Ki jan nou ka amelyore prezantasyon nou yo ?
7 Nan tout sikonstans : Pou yon prezantasyon efikas toutbonvre, fòk nou sèvi avè l. Li bon pou nou patisipe avèk kongregasyon an nan difizyon peryodik yo fè chak samdi. Moun ki te deja aksepte lòt piblikasyon, nou ka ofri yo peryodik tou. Moun n ap etidye Labib ak yo oswa lòt moun nou jwenn nan kay la lè n ap fè yon nouvèl vizit, yo menm tou, n ap toujou ofri yo peryodik. Gen moun nou pale ak yo lè n al achte nan magazen, lè n ap vwayaje oswa lè n al kay doktè, moun sa yo tou, nou kapab ofri yo peryodik. Li ta bon pou nou amelyore prezantasyon nou yo toutpandan n ap sèvi ak yo pandan mwa a.
8. Poukisa nou di pa gen lòt peryodik ki tankou Toudegad ak Réveillez-vous ! ?
8 Pa gen lòt peryodik ki tankou Toudegad ak Réveillez-vous ! Yo fè louwanj pou Jewova, Souvren linivè a (Tra. 4:24). Yo konsole moun yo ak bon nouvèl Wayòm nan e yo ankouraje moun mete lafwa nan Jezi Kris (Mat. 24:14 ; Tra. 10:43). Anplis de sa, peryodik sa yo konsantre yo sou evènman k ap pase nan monn nan, e yo montre ki jan evènman sa yo akonpli pwofesi biblik yo (Mat. 25:13). Se pou nou prepare prezantasyon peryodik sa yo pou nou ka ofri yo nan tout sikonstans ki apwopriye, yon fason pou nou ka ede moun ki nan tèritwa nou tire pwofi ladan yo !
9. Ki jan nou ka poze baz pou yon nouvèl vizit ?
9 Lè nou bay yon moun yon peryodik, oswa si nou gen yon konvèsasyon amikal ki gen rapò ak kesyon relijyon avè l, se pou nou prepare nou pou nou soulve yon kesyon oswa rapòte yon deklarasyon k ap fè l reflechi e ki ka ouvri pòt pou yon nouvèl vizit oswa pou yon lòt konvèsasyon espirityèl. Si nou zele nan simen semans verite a, nou mèt sèten Jewova ap ouvri kè tout moun ki vle aprann konnen l ak tout kè yo e ki vle sèvi l. — 1 Kor. 3:6.