Fason pou nou sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo
1. Ki jan pou nou konsidere prezantasyon yo bay kòm modèl yo ?
1 Regilyèman, Ministè Wayòm nan vini ak kèk modèl sou jan pou nou prezante peryodik yo oswa lòt piblikasyon. Prezantasyon sa yo, se sijesyon yo ye. Konsa, lè nou nan predikasyon, nou pa bezwen repete yo egzakteman jan yo bay yo a. Yo la pou ede nou wè an gwo ki sa nou ka di. An jeneral, nou pi efikas lè nou fè prezantasyon yo nan pwòp mo pa nou. Lè nou eksprime nou yon fason ki natirèl, sa fè moun n ap pale avè l la santi l alèz e sa pèmèt nou pale avèk senserite e avèk konviksyon. — 2 Kor. 2:17 ; 1 Tes. 1:5.
2. Poukisa nou fèt pou nou teni kont de koutim yon zòn lè n ap prepare yon prezantasyon ?
2 Adapte prezantasyon w lan : Koutim yon zòn gen yon kokenn efè sou fason nou prezante bon nouvèl la. Èske anvan w kòmanse prezantasyon w lan, fòk ou mande moun w ap pale avè l la kòman l ye, oubyen èske moun nan tèritwa kote w ye a atann yo aske ou annik di sa w vin di a ? Sitiyasyon yo pa menm tout kote e yo konn diferan menm ant yon moun ak yon lòt. Nou bezwen disènman menm nan fason nou sèvi ak kesyon. Kesyon ki apwopriye pou kèk zòn gendwa mete moun yo mal alèz nan kèk lòt zòn. Se sa k fè, nou fèt pou nou montre nou gen bon jijman e pou nou adapte prezantasyon nou yo selon koutim zòn nan.
3. Poukisa nou dwe teni kont de edikasyon ak mantalite moun n ap pale ak yo a ?
3 Mete sou sa, nou bezwen teni kont de edikasyon ak mantalite moun ki nan tèritwa nou yo lè n ap prepare nou pou predikasyon. Pa egzanp, si w ap pale ak yon fèvan katolik, ou pap prezante Matye 6:9, 10 menm jan ou t ap prezante vèsè sa a si se ak yon moun ki pa konn priyè “ Nòtrepè ” a ou t ap pale. Si nou jis fè yon ti reflechi alavans, n ap ka adapte prezantasyon nou yo yon fason pou yo pi atiran pou moun nou rankontre nan predikasyon. — 1 Kor. 9:20-23.
4. Poukisa li bon pou nou fè yon bon preparasyon ?
4 Menm lè nou prevwa itilize yon prezantasyon prèske menm jan yo bay li a, se pa yon rezon pou nou pa fè yon bon preparasyon. Avèk anpil swen, nou fèt pou nou li atik oswa chapit nou prevwa atire atansyon moun nan sou li a, e nou fèt pou nou chèche pwen ki ka eveye enterè l. Lèfini, se pou nou itilize yo nan prezantasyon an. Se sèlman lè nou byen konnen bonjan enfòmasyon ki gen nan piblikasyon nou yo n ap ka ofri yo avèk antouzyas.
5. Sa k fè nou ka prepare yon lòt prezantasyon, e ki jan nou ka fè sa ?
5 Lòt prezantasyon : Èske nou oblije sèvi sèlman ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo ? Non, nou pa oblije. Si nou santi nou pi alèz ak yon lòt prezantasyon oswa ak yon lòt vèsè, se pou nou itilize l. Sitou anrapò ak peryodik yo, nou fèt pou nou chèche okazyon pou nou atire atansyon moun yo nan tèritwa a sou yon atik segondè ki ta ka espesyalman enterese yo. Nan reyinyon sèvis la, lè n ap fè demonstrasyon sou kèk prezantasyon pou nou itilize nan predikasyon, nou ka sèvi ak nenpòt prezantasyon ki bay bon rezilta nan tèritwa kongregasyon an. Konsa, nou tout ap jwenn èd pou nou rive prezante bon nouvèl la yon fason ki efikas.