Èske w gen yon kòmann regilyè ?
1 Èske w konn rive nan reyinyon predikasyon epi se lè a ou dekouvri ou pa t gen peryodik nan valiz ou ? Bon, sonje sa paj mitan Ministère du Royaume septanm 1995 la te di nan atik : “ Faisons un excellent usage de nos périodiques ”. Aprè l te fin di nou ‘ fè yon kòmann peryodik regilyè ’, li te presize : “ Bay frè ki okipe sèvis peryodik la yon kantite rezonab pou l kòmande pou wou nan chak nimewo. Konsa, ou menm ak fanmi w n ap toujou genyen ase peryodik nou gen bezwen. ” Èske w te fè sa ?
2 Poukisa w pa fè yon kòmann peryodik regilyè ? Ou va santi yon pi gwo reskonsablite pou patisipe nan difizyon peryodik semèn aprè semèn, e lajwa w va ogmante san rete lè w fè sa. Si w deja gen yon kòmann regilyè, rekontwole pou w wè si kantite a kont pou w plase chak mwa nan ministè a. Natirèlman n ap montre nou pa manke pawòl lè n pase pran kòmann nou chak semèn e lè n santi se yon obligasyon pou n fè sa. Si w pap la nan kongregasyon an pou anpil tan, fè reskonsab peryodik la konnen si l mèt bay lòt moun peryodik ou yo jiskaske w retounen.
3 Menm paj mitan Ministère du Royaume nou te site anvan an te di l, nou dwe ‘ pwograme yon jounen peryodik fiks ’. Èske w kore jounen peryodik kongregasyon an chak semèn ? Daprè jan Calendrier des Témoins de Jéhovah 1999 la montre l, gen youn chak samdi ! Pa panse distribye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pa twò enpòtan. Lè nou fè efò pou nou patisipe anplen nan difizyon peryodik, n ap ‘ pote bon nouvèl kichòy ki pi bon ’ pou pwochen nou yo. — Izayi 52:7.