Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 janvye
Kantik 107
10 min : Anons lokal. Chwazi anons ki apwopriye nan Ministè Wayòm nan.
15 min : “ Annou fè moun konnen non Jewova sou tout latè. ” Kesyon/repons. Ajoute lòt kòmantè sou ribrik “ Le témoignage informel ” ki nan liv Notre ministère a, paj 94-5.
20 min : Annou fè yon chwa legal pou nou resevwa swen medikal san transfizyon san (Travay 15:28, 29). Yon ansyen konpetan ap fè yon diskou dapre fèy ki gen kesyon/repons ki akonpaye fòmilè “ Instructions médicales et procuration relative aux soins médicaux ” a (DPA) avèk plakèt ki rele “ Renseignements concernant le document ‘ Instructions médicales et procuration relative aux soins médicaux ’ ” a, toulede pote dat janvye 1997. Apre reyinyon sa a, Temwen batize yo ap jwenn yon nouvo kat “ Instructions médicales/Pas de sang ”. Sa ki gen timoun minè ki poko batize ap resevwa yon ‘ Carte d’identité ’ pou chak timoun. Nou pa fèt pou ranpli kat yo touswit. Fòk nou fè sa lakay nou avèk swen, men PA siyen yo. Pou siyen, mete non temwen yo ak dat la, tou sa dwe fèt apre etid liv kongregasyon an avèk èd kondiktè etid liv la, si sa nesesè. Anvan nou siyen kat la, asire nou nou ranpli l nèt. Moun k ap siyen kòm temwen yo ta dwe la pou yo wè lè mèt kat la ap siyen l. Pwoklamatè ki poko batize yo kapab ekri enstriksyon pa yo pou yo menm ak pou pitit yo lè y ap adapte tèks kat la selon pwòp sitiyasyon yo ak pwòp konviksyon yo. Se Sosyete a ki prepare fòmilè “ Instructions médicales et procuration relative aux soins médicaux ” a. Dokiman sa a pi detaye e li ofri yon pwoteksyon jiridik fondamantal. Temwen ki poko ranpli fomilè sa a e ki vle fè l, kapab resevwa youn nan men sekretè kongregasyon an. Anplis de sa, si li te deja ranpli fòmilè “ Instructions médicales et procuration relative aux soins médicaux ” a, li ta bon pou l ekri alamen sou lòt bò kat “ Instructions médicales/Pas de sang ” an, pawòl annapre yo : “ J’ai également préparé un document ‘ Instructions médicales et procuration relative aux soins médicaux ’. ” Kondiktè etid liv yo fèt pou asire yo tout moun nan gwoup yo a resevwa èd yo bezwen pou ranpli kat la ak dokiman an. Pou n benefisye meyè pwoteksyon jiridik ki posib, yo rekòmande pou n ranpli toulede dokiman yo.
Kantik 155 ak priyè final.
Semèn 17 janvye
Kantik 12
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Sèvi ak depliyan yo pou kòmanse konvèsasyon. ” Rewè kat nan depliyan yo abitye itilize nan tèritwa a. Sou chak depliyan, poze yon kesyon y ap jwenn repons lan ladann. Envite oditwa a sijere kouman nou kapab sèvi ak menm kesyon an pou kòmanse yon konvèsasyon avèk posiblite pou kòmanse yon etid biblik. Demontre kouman sa ka fèt ak de nan depliyan yo.
Kantik 57 ak priyè final
Semèn 24 janvye
Kantik 110
10 min : Anons lokal ak eksperyans moun fè nan predikasyon.
15 min : “ Annou bay Pawòl Jewova atansyon nou toulejou ! ” Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a. Ankouraje chak moun byen sèvi ak Examinons les Écritures chaque jour — 2000. Ajoute kòmantè ki nan entwodiksyon an nan paj 3-4. Envite pwoklamatè yo pou yo rakonte ki efò espesyal yo fè pou egzamine tèks la ak komantè a chak jou.
20 min : “ Èske ou menm w ap la ? ” Yon ansyen ap fè diskou sa a epi y ap rakonte kèk eksperyans moun te fè. Depi nan tan biblik yo jis rive jodi a, gran rasanbleman yo jwe yon wòl enpòtan pou fòtifye pèp Bondye a. (Gade liv Prédicateurs paj 254, § 1-3 ak Étude perspicace, volim 1, paj 882, § 3.) Ankouraje tout moun kòmanse fè preparatif depi kounye a pou asiste touletwa jou kongrè distri a. Envite oditwa a rakonte eksperyans ki montre jan efò dilijan yo te deja fè pou yo prezan pote rekonpans espirityèl pou yo.
Kantik 157 ak priyè final.
Semèn 31 janvye
Kantik 16
12 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò sèvis yo pou janvye. Di se liv Bonheur familial la n ap ofri an fevriye. Demontre kouman twa kesyon ki nan kare ki nan paj 12 la kapab sèvi baz pou kòmanse yon konvèsasyon.
15 min : Sa sa vle di “ note ” yon moun ? Diskou yon ansyen ap fè dapre La Tour de Garde 15 jiyè 1999, paj 29-31.
18 min : Kouman pou n ede lòt moun idantifye vrè relijyon an. Dyalòg ant yon asistan ministeryèl kalifye ak de ou twa pwoklamatè kapab sou jan Temwen Jewova konn fè bèl enpresyon sou moun, men moun sa yo pa rive fè diferans nèt ant relijyon yo a ak pa nou an. Rewè dis pwen ki nan paj 20 Réveillez-vous ! 8 me 1995 lan. Eksplike ki jan konesans sou rezon sa yo kapab ede yon moun sensè wè diferans ant vrè relijyon an ak fo relijyon an e nesesite pou l aprann pa filyè pèp Jewova a e pou l reyini avèk nou.
Kantik 60 ak priyè final.
Semèn 7 fevriye
Kantik 113
8 min : Anons lokal.
17 min: Rewè liv Prophétie de Daniel la ! Diskou ak konvèsasyon ak oditwa a. Rewè pwen enpòtan nan nouvo liv la : Tit chapit ki frapan, imaj vivan, kare avèk kesyon tès ki nan fen chak leson, kat ak tablo ki klarifye detay yo. Egzamine eksplikasyon ankourajan ki bay sou jan Mikayèl “ pral leve ” yon fason espesyal. (Paj 288-90.) Dyaloge sou enpòtans pou nou andire nan anseye Pawòl Bondye a (paj 311-12). Nou tout ta dwe byen li liv la e nou ta dwe ankouraje moun ki enterese yo pou yo fè menm jan an.
20 min : Yo fè yon chwa ki saj. Diskou dapre La Tour de Garde 15 oktob 1997, paj 19-21, § 3-16. Rakonte temwayaj pyonye ki montre poukisa yo santi yo depanse lavi yo nan fason ki bay plis satisfaksyon an. Ankouraje tout moun nan oditwa a pou yo egzamine pwòp posiblite pa yo pou yo vin pyonye.
Kantik 182 ak priyè final.