BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/00 p. 1
  • Annou kontinye preche !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou kontinye preche !
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Poukisa nou kontinye ap preche ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Rezon ki fè n “kontinye bay anpil fwi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 11/00 p. 1

Annou kontinye preche !

1 Volonte Bondye se pou “ tout kalite moun sove e rive gen konesans egzat verite a ”. (1 Tim. 2:4.) Se pou rezon sa a li ban nou misyon pou nou preche bon nouvèl la (Mat. 24:14). Si nou konprann poukisa nou ta dwe kontinye preche, nou pap kite okenn dekourajman, okenn distraksyon posib, anpeche nou kontinye.

2 Poukisa nou bezwen pèsevere ? Monn nan chaje ak distraksyon e sa fè, lè nou fin pale ak moun yo, yo bliye, oubyen yo pa bay sa nou di yo a enpòtans. Se sa ki fè nou bezwen kontinye raple yo mesaj delivrans Bondye voye a (Mat. 24:38, 39). Mete sou sa, sikonstans lavi a fè anpil moun chanje. Sa pa twòp pou w wè nan yon sèl nuit, kondisyon monn nan chavire nèt (1 Kor. 7:31). Ou pa janm konnen, demen, lòt semèn oswa lòt mwa, moun yo n ap pale avèk yo a gen dwa ap fè fas ak yon seri pwoblèm, yon seri enkyetid, ki vin fè yo bay bon nouvèl nou pote pou yo a anpil enpòtans. Èske w pa santi w rekonesan dèske Temwen ki te preche w la te pèsevere ?

3 Se yon fason pou nou imite mizerikòd Bondye : Avèk pasyans, Jewova kite tan pase anvan jijman destriksyon an frape mechan yo. Li sèvi avèk nou pou li atire moun ki gen bon kè yo, yon fason pou yo ka pran pozisyon bò kote l e pou yo ka sove (2 Pyè 3:9). Si nou pa ta pwoklame mesaj mizerikòd Bondye ban nou preche a, si nou pa ta avèti moun yo gen yon jou jijman ki pral frape tout moun ki pa abandone move konpòtman yo genyen, sa ta ka mete dèt san sou tèt nou (Eze. 33:1-11). Menmsi moun pa toujou byen resevwa mesaj n ap preche a, nou pap janm ralanti nan efò n ap fè pou nou ede moun ki sensè yo apresye kokenn mizerikòd nou jwenn lakay Bondye a. — Tra. 20:26, 27 ; Wom. 12:11.

4 Se yon fason pou nou montre lanmou nou : Lòd pou bon nouvèl la preche sou tout kò tè a, se Jewova ki bay li, pa mwayen Jezi Kris (Mat. 28:19, 20). Menm lè moun yo refize tande, nou gen okazyon montre nou renmen Bondye, nou gen atachman pou li, lè nou pèsevere nan fè sa ki dwat. — 1 Jan 5:3.

5 Nou swete pou nou montre nou detèmine pou nou kontinye preche ! Annou fè sa avèk zèl pandan nou toujou nan “ jou delivrans ” Jewova a. — 2 Kor. 6:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje