BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/02 p. 8
  • Poukisa nou kontinye ap preche ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa nou kontinye ap preche ?
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Annou veye menm jan ak Jeremi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Pa dekouraje!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 2/02 p. 8

Poukisa nou kontinye ap preche ?

1 Èske y ap preche bon nouvèl Wayòm nan bò lakay ou depi yon bon ti tan (Mat. 24:14) ? Si se konsa, ou kapab gen enpresyon yo preche bon nouvèl la kòmsadwa nan tèritwa kongregasyon w lan. Kounye a, lè w ap preche, petèt, pifò moun ou rankontre, pa enterese tande pale mesaj Wayòm nan. Menm si se konsa, gade sa yo di sou vrè disip Jezi yo nan paj 141 liv Prophétie d’Isaïe tòm II a : “ Nan kèk zòn, rezilta predikasyon an sanble l piti, lè w konpare kantite travay yo fè ak kantite efò yo deplwaye. Epoutan, yo kenbe la ap andire. ” Men, poukisa nou kontinye ap preche ?

2 Sonje egzanp Jeremi : Andire n ap andire fidèl nan travay predikasyon an pa ta dwe depann sou fason moun yo reyaji lè nou vin pale avèk yo. Jeremi te fè 40 an ap preche menm tèritwa a atout pa t gen anpil moun ki te konn koute l, epi yon pakèt moun te menm kont mesaj li a. Poukisa Jeremi te pèsevere ? Se paske li t ap fè yon travay Bondye te kòmande l pou l fè. Epitou, li te konnen sa ki t apral pase alavni, e sa te pouse l pou l kontinye pale. — Jer. 1:17 ; 20:9.

3 Sitiyasyon pa nou sanble ak sitiyasyon pa Jeremi. Jezi “ òdone nou tou pou nou preche pèp la e pou nou sètifye afon se li menm Bondye te tabli pou jije vivan yo ak mò yo ”. (Tra. 10:42.) Moun ki tande mesaj n ap bay la ka jwenn swa lavi, swa lanmò. Yo gen pou jije moun yo selon fason yo reyaji devan bon nouvèl la. Piske se konsa, responsablite nou se pou nou fè egzakteman sa yo mande nou fè a. Menm lè moun yo refize tande nou, sa ban nou posiblite pou nou demontre lanmou nou gen pou yo ak atachman nou gen pou Jewova, etan nou kontinye tennfas ap fè sa nou dwe fè a. Men, sa pa rete la.

4 Preche bon pou nou : Lè n ap fè volonte Bondye san nou pa konsidere fason moun yo reyaji nan tèritwa a, sa ban nou yon lapè anndan nou, yon satisfaksyon, yon kè kontan nou pa ka jwenn okenn lòt fason (Sòm 40:8). Lavi nou vin gen plis sans, li vin gen yon objektif. Plis nou patisipe nan predikasyon, se plis kè nou ak lespri nou konsantre sou lespwa ak lajwa pou n al viv nan monn nouvo Bondye a. Lè nou fikse panse nou sou pwomès espirityèl sa yo, sa ogmante espirityalite nou, sa fòtifye relasyon nou genyen ansanm avèk Jewova.

5 Menm si nou pa wè rezilta aktivite predikasyon nou an tousuit, Jewova ka fè semans laverite nou plante nan kè yon moun jèmen nan moman ki apwopriye a (Jan 6:44 ; 1 Kor. 3:6). Nanpwen youn nan nou ki konnen ki kantite moun ankò ki gen pou vin aprann laverite sou Wayòm nan grasa efò pèp Jewova a ap fè, kit se efò lokal, kit se efò mondyal.

6 Plis pase lontan, nou dwe koute avètisman Jezi bay, kote li di : “ Fètatansyon, pa ret ap dòmi, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap vini. Men, sa m ap di nou la a, mwen di tout moun li : rete veye. ” ​(Mak 13:33, 37). Donk, se pou nou tout kontinye ap pwoklame bon nouvèl Wayòm nan, etan n ap fè kè Jewova kontan, etan n ap patisipe nan travay sangtifye non li ki gran an, non li ki sen an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje