BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/07 p. 4
  • Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • “ Nou gentan travay tèritwa nou an yon pakèt fwa ! ”
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Poukisa nou kontinye ap preche ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Ki jan yo pral fè tande ?
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 7/07 p. 4

Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo

1. Ki kesyon ki soulve anrapò ak travay predikasyon n ap akonpli a ?

1 Nan anpil zòn, nou travay tèritwa nou yo ase souvan. Nou kontinye retounen nan menm kay yo, menm lè moun nou jwenn nan kay sa yo di nou mesaj nou an pa enterese yo. Poukisa nou kontinye vizite moun ki pa byen resevwa mesaj nou an ?

2. Ki prensipal rezon ki fè nou pèsevere nan travay predikasyon an ?

2 Lanmou pou Jewova ak pou pwochen nou : Rezon prensipal ki fè nou kontinye preche, se lanmou nou genyen pou Jewova. Kè nou pouse nou pou nou kontinye pale lòt moun de Bondye nou an ki gran (Lik 6:45). Lanmou nou gen pou Jewova pouse nou pou nou obeyi kòmandman l yo e pou nou ede lòt moun fè menm jan avèk nou (Pwo. 27:11 ; 1 Jan 5:3). Pèseverans nou nan travay sa a pa depann de fason moun yo reyaji. Menm lè kretyen yo ki t ap viv nan premye syèk la te jwenn pèsekisyon, yo te kontinye preche “ san rete ”. (Tra. 5:42.) Lè moun yo refize koute nou, olye pou nou kite sa dekouraje nou, nou kenbe fèm. Konsa, nou demontre jis nan ki pwen nou renmen Jewova e nou atache avè l.

3. Ki jan lanmou nou gen pou pwochen nou ap ede nou kontinye preche ?

3 Yon lòt rezon ki fè nou pèsevere nan travay predikasyon an, se paske nou renmen pwochen nou (Lik 10:27). Jewova pa vle pèsonn detwi (2 Pyè 3:9). Menm nan tèritwa kote nou preche souvan, nou kontinye jwenn moun ki vle sèvi Jewova. Pa egzanp, an Gwadloup, kote sou chak 56 moun gen youn ki Temwen Jewova, te gen 214 moun ki te batize ane pase. Te gen prèske 20 000 moun ki te asiste Memoryal la. Sa vle di, sou chak 22 moun k ap viv an Gwadloup, gen youn ki te asiste Memoryal la !

4. Nan ki sans tèritwa yo konn chanje ?

4 Chanjman ki konn fèt nan tèritwa a : Toujou gen chanjman k ap fèt nan tèritwa a. Pwochen fwa nou frape nan yon pòt kote yo pa t koute nou, li posib pou yon lòt manm fanmi an ki potko janm tande mesaj nou an, ouvri pòt la epi li koute nou. Li posib tou pou gen lòt moun ki abite nan kay la ki enterese nan mesaj nou an. Gen timoun tou ki te gen paran yo ki opoze ak mesaj nou an, ki grandi e ki kite kay paran yo. Timoun sa yo kapab dispoze koute mesaj Wayòm nan.

5. Ki sa ki kapab fè moun yo vin pi reseptif ?

5 Moun yo konn chanje tou. Gen yon lè apot Pòl te “ yon blasfematè, yon pèsekitè, yon moun ki ensolan ”. (1 Tim. 1:13.) Menm jan an tou, jodi a gen anpil moun k ap sèvi Jewova ki pa t enterese nan laverite anvan sa. Gen kèk moun ki gendwa te menm opoze ak laverite. Ofiramezi monn nan ap chanje, moun ki opoze ak nou oswa ki pa enterese nan laverite, kapab vin dispoze koute nou. Gen lòt ki kapab vin pi reseptif apre yon trajedi fin frape yo, tankou lanmò yon manm fanmi yo, yo pèdi djòb yo, pwoblèm ekonomik oswa pwoblèm sante.

6. Pou ki rezon nou dwe kontinye preche avèk antouzyas ?

6 Sistèm de choz sa a prèt pou rive nan bout li, men travay predikasyon ak ansèyman n ap akonpli a ap akselere (Iza. 60:22). Se sa k fè, n ap kontinye preche ak antouzyas e n ap fè efò pou nou toujou gen yon atitid pozitif. Petèt pwochen moun n ap abòde a ap koute nou. Nou dwe kontinye pale ! ‘ Lè nou fè sa, n ap sove ni nou menm ni moun ki koute nou ’. — 1 Tim. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje