“ Nou gentan travay tèritwa nou an yon pakèt fwa ! ”
1 Èske w janm gen enpresyon yo tèlman travay tèritwa w la dri, pa gen moun ki sanble ak mouton ladann ankò ? Petèt ou te fè refleksyon sa a : “ Mwen konnen ki jan moun yo pral reyaji. Poukisa pou m kontinye pase wè yon seri moun ki pa enterese ? ” Se vre, yo preche anpil tèritwa dri. Toutfwa, nou ta dwe pran sa yon fason pozitif, nou pa ta dwe negatif. Poukisa ? Note kat rezon yo bay annapre yo.
2 Bondye reponn priyè nou : Jezi te di : “ Wi, rekòt la anpil men gen yon tikras ouvriye. Priye Mèt rekòt la non pou l voye ouvriye nan rekòt li a. ” (Lik 10:2). Sa fè plizyè dizèn ane n ap sipliye Jewova pou nou jwenn plis èd. Nan anpil zòn kounye a, lòt moun vin mete avèk nou nan travay la, e nou rive kouvri tèritwa nou yo pi souvan. Èske nou pa ta dwe kontan pou n wè Jewova reponn priyè nou yo ?
3 Pèseverans bay bon rezilta : Menm nan tèritwa yo travay dri yo, gen moun ki byen reyaji devan mesaj Wayòm nan e ki rive gen yon konesans sou laverite a. Donk, nou ta dwe toujou kontinye preche tèritwa sa yo avèk espwa pou nou jwenn plis moun ki gen kè onèt (Iza. 6:8-11). Tankou premye disip Jezi yo te fè sa, ann “ kontinye ale ” kot moun ki nan tèritwa ki sou kont nou an, pandan n ap fè efò pou nou chofe yo pou Wayòm Bondye a. — Mat. 10:6, 7.
4 Nan peyi Pòtigal, anpil kongregasyon kouvri tèritwa yo chak semèn, men yo toujou ap chèche moun ki sanble ak mouton. Gen yon sè ki te gen yon bon atitid. Men sa l di : “ Chak maten, anvan mwen deplase pou m al nan predikasyon, mwen priye Jewova pou l ka ede m jwenn yon moun ki enterese etidye Bib la. ” Yon jou, li kòmanse fè etid biblik ak kèk anplwaye nan yon salon kwafi. Men, annapre, se yon sèl moun ki parèt pou fè etid la. Moun sa a di : “ Lòt moun yo pa enterese, men mwen menm, mwen enterese. ” Yon mwa pa pase, li te gentan ap dirije 2 etid biblik pou kont pa l. Yon ti tan apre, li vin batize, e li vin pran sèvis pyonye !
5 Travay la ap fèt : Y ap preche bon nouvèl la jan Jezi te predi sa t ava fèt la (Mat. 24:14). Menm nan zòn kote moun yo ‘ pa vle koute nou ’ yo jwenn avètisman pa mwayen aktivite predikasyon an. Nou atann nou gen ladan yo k ap mal reyaji oswa k ap menm kont laverite a. Toutfwa, moun sa yo dwe jwenn yon avètisman konplè konsènan jijman Jewova ki gen pou vini an. — Eze. 2:4, 5 ; 3:7, 8, 19.
6 Nou poko fini : Se pa nou ki pou deside ki lè nou dwe sispann preche. Jewova konnen egzakteman ki lè travay predikasyon an dwe fini. Li konnen si toujou gen moun nan tèritwa nou an ki gen pou resevwa bon nouvèl la. Jodi a, kèk moun di sa pa enterese yo. Men, yon seri gwo chanjman gen dwa vin fè yo dispoze koute yon lòt lè. Tankou si yo pèdi djòb yo, si yo malad grav, oswa si yo gen moun yo renmen ki mouri. Akòz prejije anpil moun genyen, oswa senpleman paske yo twò okipe pou yo koute, yo pa janm vrèman tande mesaj nou an. Vizit amikal nou kontinye rann yo kapab fè yo enterese, sa kapab fè yo koute.
7 Moun ki vin gran nan ane ki sot pase yo e k ap dirije yon fanmi kounye a, yo pran lavi a pi oserye. Kesyon y ap poze, se sèl Pawòl Bondye a ki ka reponn yo. Yon jèn manman te envite de Temwen Jewova lakay li, e li te di : “ Lè mwen te piti, mwen pa t janm ka konprann poukisa manman m te konn repouse Temwen Jewova yo, e poukisa l te konn di yo sa pa enterese l, alòske se de Labib yo te vin pale. Mwen te pran desizyon, lè m gran, mwen marye, mwen gen pwòp kay pa m, m ap mande Temwen Jewova yo pou yo vin eksplike m Bib la. ” Se sa l te fè, e Temwen ki t ap vizite l yo te kontan anpil.
8 Èske w kapab pi efikas ? Se pa tout lè se moun nou rankontre nan predikasyon yo ki fè li parèt difisil pou nou travay tèritwa a souvan. Kèk fwa, pwoblèm nan sot nan nou menm. Èske nou derape ak ide ki negatif ? Sa ka aji sou atitid nou, ansanm ak ton vwa nou ak fason figi nou ye. Se pou nou gen yon espri pozitif e se pou sa parèt sou figi nou. Eseye yon lòt fason pou nou abòde moun yo. Fè efò pou n amelyore prezantasyon nou. Petèt nou ka chanje premye kesyon nou yo, oswa nou ka sèvi ak lòt vèsè nan konvèsasyon an. Mande lòt frè ak sè yo ki sa yo te twouve ki bay bon rezilta pandan y ap preche tèritwa a. Preche ak divès pwoklamatè, divès pyonye, epi pran nòt sou ki sa ki fè yo efikas nan predikasyon an.
9 Jewova apwouve travay predikasyon Wayòm nan e li beni l. Lè nou patisipe nan travay sa a, nou demontre lanmou nou genyen pou Jewova e pou vwazen nou yo (Mat. 22:37-39). Donk, annou kontinye travay predikasyon an jis li fini, san nou pa bouke poutèt n ap travay tèritwa a dri.