Èske sa t ap itil ou si w ta gen yon tèritwa pèsonèl?
1. Ki sa yon tèritwa pèsonèl ye?
1 Ki sa yon tèritwa pèsonèl ye? Se yon tèritwa yo ba ou pou w preche moun ki ladan l yo. Petèt li tou pre lakay ou. Se kongregasyon ki gen anpil tèritwa yo sitou ki konn bay moun posiblite sa a. Nan liv Organisés a, nan paj 103, men sa yo esplike: “Lè ou gen yon tèritwa pèsonèl ki pre lakay ou, sa pèmèt ou pi byen itilize tan ou prevwa patisipe nan predikasyon an. Anplis de sa, ou ka envite lòt pwoklamatè pou y al preche avè w nan tèritwa sa a.”
2. Kòman nou ka sèvi ak tèritwa pèsonèl nou genyen pou n konplete travay gwoup predikasyon yo fè?
2 Pou n konplete travay gwoup predikasyon yo fè: Si yo ba w yon tèritwa pèsonèl ki tou pre travay ou, ou ka al preche ladan l lè w gen poz oubyen anvan ou antre lakay ou. Petèt ou ka al ladan l ak yon lòt pwoklamatè k ap travay tou pre zòn nan. Si yo ba ou yon tèritwa ki tou pre lakay ou, li ka apwopriye pou ou menm ak fanmi w itilize l pou nou bay temwayaj ta nan aprèmidi. Natirèlman, si nou pa asiste yon reyinyon predikasyon, li bon pou nou priye Jewova pou n mande l direksyon anvan nou kòmanse preche nan tèritwa a (Fil. 4:6). Anplis de sa, dwe gen ekilib ant tan nou pase ap preche nan tèritwa pèsonèl nou ak tan nou pase ap soutni gwoup predikasyon ansyen nan kongregasyon an mete nou an. An jeneral, li bon pou nou soutni gwoup la, sitou lè wikenn, paske lè sa a gen anpil moun ki soti nan predikasyon.
3. Ki byenfè yon moun ap jwenn si l gen yon tèritwa pèsonèl?
3 Byenfè n ap jwenn: Si yo ba ou yon tèritwa pèsonèl, w ap gen yon kote ou ka al preche nenpòt lè pwogram ou pèmèt ou fè sa. Ou ka pase plis tan nan predikasyon e w ap gaspiye mwens tan ap mache. Lefètke yon moun ka al nan tèritwa sa a lè l kapab, sa fè kèk moun pran sèvis pyonye oksilyè oubyen sèvis pyonye pèmanan. Etandone moun ki enterese yo se nan menm zòn nan yo rete, li pi fasil pou w retounen vizite yo e pou w fè etid ak yo. Gen anpil moun ki twouve lè yo preche nan yon tèritwa pèsonèl, sa fè yo vin abitye ak moun yo e sa ede yo bati lafwa moun sa yo, sitou si yo gentan preche tèritwa a plizyè fwa anvan yo remèt kat tèritwa a pou lòt pwoklamatè al preche ladan l. Si ou menm ak fanmi w gen yon tèritwa pèsonèl, èske sa ap ede nou akonpli ministè nou pi byen? — 2 Tim. 4:5.