Fason pou w preche nan tèritwa ki gen biznis
1. Site kèk avantaj ki genyen lè n ap preche nan tèritwa ki gen biznis.
1 Èske w ta renmen preche nan yon tèritwa kote jeneralman moun yo byen akeyi moun ki vin vizite yo, e prèske toujou gen moun la ? Ou ka fè sa nan tèritwa kongregasyon w lan menm. Kòman ? Lè w al preche nan biznis ki gen nan tèritwa w la. Pwoklamatè ki konn preche de magazen an magazen, byen souvan, yo jwenn bon rezilta.
2. Kòman yo ka òganize predikasyon nan zòn ki gen biznis ?
2 Gen kèk kongregasyon ki gen zòn biznis nan tèritwa yo. Frè ki responsab tèritwa a kapab prepare yon kat tèritwa espesyal pou zòn ki gen anpil aktivite komèsyal sa yo. Tout kat tèritwa ki fèt pou katye rezidansyèl ki anglobe zòn sa yo dwe endike aklè ki kote biznis sa yo ye, dekwa pou yo pa preche ladan yo lè y ap preche nan tèritwa a. Men, nan lòt tèritwa yo, yo kapab preche alafwa nan biznis ak nan kay kote moun abite. Si w poko janm preche kote ki gen biznis, eseye fè sa nan kèk ti boutik pou w wè.
3. Ki sa k ap ede nou pou nou efikas lè n ap preche de magazen an magazen ?
3 Abòde moun yo yon fason ki senp : Lè w ap preche de magazen an magazen, li enpòtan pou w abiye kòmsi se nan reyinyon nan Sal Wayòm ou t aprale. Li bon tou pou w chwazi yon moman kote yo pa okipe ak kliyan nan magazen an. Si posib, antre pandan pa gen kliyan k ap tann pou yo sèvi yo. Mande pou w pale ak mèt magazen an oswa ak moun ki responsab la. Se pou w brèf e se pou w presi. Ki sa w kapab di ?
4-6. Lè n ap preche nan yon magazen, ki sa nou ka di moun k ap vann nan oswa moun ki responsab la ?
4 Men ki sa apeprè ou kapab di lè w ap pale ak yon moun k ap vann nan yon magazen oswa ak moun ki responsab magazen an : “ Moun ki nan biznis tèlman gen yon pwogram ki chaje, li difisil pou nou jwenn yo lakay yo, se sa k fè nou pase vizite w kote w ap travay la. Peryodik nou yo bay yon vizyon global sou evènman k ap pase kounye a. ” Apre sa, san w pa pèdi tan, prezante l yon sijè nan yon peryodik.
5 Oubyen ou kapab eseye prezantasyon senp sa a : “ Anpil moun ta renmen konn plis bagay sou Bib la, men yo pa gen anpil tan. Feyè sa a pale de yon pwogram etid Labib gratis k ap ede w jwenn repons pou kesyon ou kapab gen sou Bib la. ” Apre sa, w ap montre l paj 4 ak paj 5 feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ?
6 Si moun ki responsab la sanble l okipe, ou kapab jis ofri l yon feyè, epi di l : “ M ap pase wè w yon lòt lè, lè w pa twò okipe. Mwen ta byen renmen konnen sa w panse de feyè sa a. ”
7. Ki jan nou kapab kiltive enterè nou jwenn nan tèritwa ki gen biznis ?
7 Kiltive enterè ou jwenn : Ou kapab menm kondui etid biblik nan tèritwa ki gen biznis. Gen yon pyonye espesyal ki te konn pase bay yon biznismann peryodik regilyèman. Lè mesye a di pyonye a kòman li renmen sa l li yo, pyonye a sèvi ak bwochi Bondye vle a pou l montre l fason yo fè yon etid biblik. Yon etid te kòmanse lamenm kote mesye a ap travay la. Etandone pyonye a wè kòman bagay yo ye, chak fwa l al fè etid la, li fè l dire anviwon 10 a 15 minit. Menm jan an tou, kontinye chèche moun ki diy etan w ap preche nan tèritwa ki gen biznis.