BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/09 p. 1
  • Ki jan yo pral fè tande ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan yo pral fè tande ?
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Preche san rete
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • “ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • N ap “ pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2009
km 1/09 p. 1

Ki jan yo pral fè tande ?

1. Poukisa travay predikasyon an ka difisil, e sa k fè nou dwe pèsevere ladan l ?

1 Etandone jou Jewova a ap pwoche rapidman, li ijan pou nou ede anpil moun vin gen konesans egzak sou Bondye e sou objektif li genyen pou limanite (Jan 17:3 ; 2 Pyè 3:9, 10). Pafwa sa ka difisil, paske gen anpil moun ki endiferan oubyen gen moun ki ka pase nou nan rizib poutèt n ap patisipe nan travay predikasyon an (2 Pyè 3:3, 4). Malgre sa, nou gen bonjan rezon pou nou kwè toujou gen moun nan tèritwa a k ap aksepte bon nouvèl la yonfwa yo tande l. Men, ki jan moun sa yo ap rive tande si pa gen moun pou preche yo ? — Wom. 10:14, 15.

2. Kòman egzanp apot Pòl ankouraje nou ?

2 Lè nou rankontre opozisyon : Nou pa dwe dekouraje nan travay predikasyon an piske toujou gen moun ki dispoze tande mesaj Wayòm nan. Filip se premye vil ann Ewòp kote moun yo te tande Pòl ap preche bon nouvèl la. Apre yo te fin lage fo akizasyon sou do Pòl ak Silas, yo te bat yo ak baton e yo te mete yo nan prizon (Tra. 16:16-24). Sepandan, eksperyans sa a ki te fè yo soufri a pa t fè Pòl pè opwen pou l ta sispann preche pou sa. Okontrè, ‘ grasa Bondye, li te mete kran sou li ’ lè l t al vizite Tesalonik, pwochen vil li te gen pou l ale pandan vwayaj misyonè li t ap fè a (1 Tes. 2:2). Èske egzanp Pòl la pa montre aklè rezon ki fè nou ‘ pa dwe sispann ’ preche ? — Gal. 6:9.

3. Sa k fè kèk moun ki pa t enterese lontan vin chanje atitid ?

3 Anpil moun ki te konn refize koute nou pandan plizyè ane, chanje atitid. Gen anpil bagay ki ka lakòz chanjman sa a, tankou pwoblèm ekonomik sanzatann, maladi, lanmò yon moun nan fanmi yo, oubyen nouvèl yo tande sou evènman k ap pase nan monn nan, evènman ki bay kè kase (1 Kor. 7:31). Kèk timoun ki te gen paran yo opoze vin majè kounye a e yo dispoze koute mesaj la. Lè nou kontinye preche, sa ba moun sa yo opòtinite pou yo “ envoke non Jewova ” anvan l twò ta. — Wom. 10:13.

4. Ki sa ki pouse nou kontinye patisipe nan ministè a “ san rete ” ?

4 Preche “ san rete ” : Lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou pwochen nou ap pouse nou kontinye patisipe nan travay predikasyon an ak travay fè disip la “ san rete ”, menm jan apot yo te fè sa nan premye syèk la (Tra. 5:42). Jodi a, gen anpil moun “ k ap soupire e k ap jemi parapò ak tout bagay detestab ” k ap pase kounye a (Eze. 9:4). Se pa ti espwa e se pa ti soulajman moun sa yo jwenn lè yo tande bon nouvèl la ! Menm lè pifò moun refize koute, Bib la ban nou asirans Jewova pran anpil plezi nan efò n ap fè yo. — Ebre 13:15, 16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje