BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/01 p. 8
  • Ede lòt moun asiste reyinyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede lòt moun asiste reyinyon
  • Ministè Wayòm nan — 2001
  • Sou menm sijè a
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Uityèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2005
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2001
km 3/01 p. 8

Ede lòt moun asiste reyinyon

1 “ Se tout plezi nou sa pou nou envite tout zanmi ki nan zòn nan [...] depi yo vle, pou yo vin asiste reyinyon nou yo. ” Depi anons sa a te parèt an novanm 1880 nan Phare de Sion (non La Tour de Garde te genyen alepòk), Temwen Jewova yo fè anpil efò pou yo envite moun yo reyini pou yo ranmase enstriksyon ki soti nan Bib la (Rev. 22:17). Se yon faz ki enpòtan nan vrè adorasyon an.

2 Li enpòtan anpil pou nou la: Lè nou frekante kongregasyon an, sa pote benediksyon. Nou vin konnen Jewova, Bondye estwòdinè nou an pi byen. Nou rasanble ansanm nan kongregasyon an, pou nou kite “ Jewova anseye ” nou (Iza. 54:13). Òganizasyon li a mete kanpe yon pwogram enstriksyon biblik, k ap kontinye nètale, k ap fè nou pwoche piplis bò kote Bondye, e k ap ban nou èd pratik pou nou suiv “ tout konsèy Bondye a ”. (Tra. 20:27 ; Lik 12:42.) Reyinyon yo bay fòmasyon pèsonèl pou ede nou chak vin maton nan anseye Pawòl Bondye. Rapèl nou jwenn nan Labib ede nou pou nou jwi bonjan relasyon avèk Jewova li menm e avèk pwochen nou tou. Lè nou nan mitan moun ki renmen Bondye, sa fòtifye lafwa nou. — Wom. 1:11, 12.

3 Fè yon envitasyon dirèk : Depi pou premye fwa etid la ap fèt, envite chak etidyan Labib pou l vin asiste reyinyon. Ba li yon fich envitasyon. Pataje avèk li yon pwen ki te ankouraje w nan dènye reyinyon an pou w chèche fè l enterese plis nan reyinyon yo. Ou ka montre l ki sa yo pral pale nan pwochen reyinyon an tou. Ba l yon apèsi sou Sal Wayòm nan, epi asire w li konnen ki jan pou l jwenn adrès la.

4 Si yon etidyan pa vin nan reyinyon tousuit, pa sispann envite l. Pran yon ti tan chak semèn pou w montre l ki jan òganizasyon nou an fonksyone. Sèvi ak bwochi Unis pour faire la volonté de Dieu sur toute la terre la, epi sèvi ak kasèt videyo Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation an, pou fè l abitye avèk nou e ak reyinyon nou yo tou. Mennen lòt pwoklamatè nan etid la, pou l ka abitye avèk yo tou. Lè w ap lapriyè, se pou w remèsye Jewova pou òganizasyon li a, epi se pou w mansyone rezon ki fè etidyan an dwe vin asosye ansanm avèk òganizasyon sa a.

5 Pa ezite ede nouvo yo pou yo vin reyini ansanm avèk nou. Tank y ap gen plis apresyasyon pou Jewova, se tank yo pral santi yo pouse pou yo mete sa y ap etidye a an pratik. Epitou sa ap ede yo vin fè pati òganizasyon Bondye a, yon òganizasyon ki gen inite ladan l. — 1 Kor. 14:25.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje