Uityèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Dirije etidyan yo pou yo vin nan òganizasyon an
1. Poukisa li pwofitab lè n ap fè etid biblik pou nou anseye yon pwen sou òganizasyon Jewova a chak semèn ?
1 Objektif nou lè n ap kondui etid biblik se pa senpleman aprann etidyan yo doktrin, men se pou n ede yo tou pou yo vin fè pati kongregasyon kretyèn nan (Zek. 8:23). Bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ? a kapab ede nou fè sa. Fè nouvo etidyan yo gen youn, epi ankouraje yo li l. Anplis de sa, pran kèk minit chak semèn lè n ap fè etid la, pou nou anseye yo yon pwen sou òganizasyon Jewova a.
2. Kòman w kapab ankouraje moun k ap etidye Labib yo pou yo asiste reyinyon kongregasyon an ?
2 Reyinyon kongregasyon an : Prensipal mwayen pou moun k ap etidye Labib yo rive apresye òganizasyon Bondye a, se lè yo asiste reyinyon kongregasyon an avèk nou (1 Kor. 14:24, 25). Pakonsekan, ou kapab fè yo kòmanse abitye avèk reyinyon yo, lè w esplike yo senk reyinyon ki fèt nan semèn nan, youn alafwa. Mansyone tèm diskou piblik ki pral fèt la. Montre yo atik yo pral egzamine nan etid Toudegad la ak nan etid liv kongregasyon an. Esplike Lekòl ministè teyokratik la ak reyinyon sèvis la. Lè w gen yon patisipasyon nan lekòl la, petèt ou te ka fè repetisyon an avèk yo. Pataje pwen remakab yo te prezante nan reyinyon yo avèk yo. Itilize foto ki nan piblikasyon yo pou ede yo wè sa k ap fèt nan reyinyon sa yo. Envite yo asiste depi nan premye etid la.
3. Sou ki aspè nan òganizasyon an nou kapab pale ?
3 Lè Memoryal, kongrè, asanble, ak vizit siveyan sikonskripsyon pre, pran kèk minit pou w esplike dispozisyon sa yo, pou w ogmante antouzyas etidyan yo pou yo. Etap pa etap, reponn kesyon tankou : Poukisa yo rele nou Temwen Jewova ? Poukisa nou rele kote nou fè reyinyon yo Sal Wayòm ? Ki responsablite ansyen yo ak asistan ministeryèl yo genyen ? Kòman travay predikasyon an ak tèritwa a òganize ? Kòman yo fè pou yo pwodui piblikasyon nou yo ? Kòman òganizasyon an jwenn lajan pou l depanse ? Ki wòl biwo filyal la ak Kolèj santral la nan sipèvizyon travay la ?
4, 5. Kòman kasèt videyo nou yo kapab devlope konpreyansyon ak rekonesans pou òganizasyon an ?
4 Kasèt videyo edifyan : Yon lòt mwayen pou moun k ap etidye Labib yo ka wè òganizasyon estrawòdinè Jewova a, se grasa kasèt videyo yo. Kasèt videyo Jusqu’aux extrémités de la terre la montre aktivite predikasyon mondyal nou an. Videyo Toute la communauté des frères montre fanmi entènasyonal nou fòme a. E videyo Unis grâce à l’enseignement divin an montre inite ki egziste pami Temwen Jewova yo. Yon dam te menm rive kriye apre l te fin gade videyo Les Témoins de Jéhovah : un nom, une organisation an, alòske li te abitye resevwa peryodik ak lòt piblikasyon nou yo depi senk an. Li te gen konfyans nan Temwen ki te konn vizite l yo, men, apre l fin gade videyo a, li te santi li ka kwè nan òganizasyon an tou. Yo te kòmanse yon etid regilye avèk li, e nan semèn apre a li te asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan.
5 Lè nou pase kèk minit chak semèn ak etidyan nou yo e nou sèvi ak zouti ki disponib yo, etap pa etap, nou kapab dirije yo pou yo vin nan sèl òganizasyon Jewova itilize jodi a.