BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 janvye p. 9
  • Ede etidyan Labib yo asiste reyinyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede etidyan Labib yo asiste reyinyon
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ede etidyan Labib yo vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Ede etidyan Labib ou yo evite move frekantasyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Ede etidyan Labib yo kite abitid ki pa pwòp
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 janvye p. 9

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN | CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Ede etidyan Labib yo asiste reyinyon

Reyinyon ki fèt nan kongregasyon yo se yon pati esansyèl nan vrè adorasyon an (Sm 22:22). Tout moun ki reyini pou adore Jewova yo jwenn kè kontan ak benediksyon (Sm 65:4). Jeneralman, etidyan Labib yo pwogrese pi rapid lè yo asiste reyinyon yo regilyèman.

Ki jan w ka ede etidyan Labib ou yo asiste reyinyon? Kontinye envite yo nan reyinyon yo. Montre yo videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan. Esplike yo enpòtans reyinyon yo (lff leson 10). Ou ka pataje yon pwen byen presi sou sa w te aprann nan yon reyinyon oswa w ka montre l sou ki sa yo pral pale nan yon pwochen reyinyon. Bay etidyan w yo piblikasyon yo pral itilize yo. Ofri yo èd pratik tou. Petèt yo ka bezwen yon woulib. Kèlkeswa efò w fè ap bay bon rezilta lè etidyan w lan asiste reyinyon pou premye fwa. — 1Ko 14:24, 25.

GADE VIDEYO KI GEN TIT EDE ETIDYAN LABIB OU YO ASISTE REYINYON, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Ede etidyan labib ou yo asiste reyinyon”. Nita envite Jad nan yon reyinyon kongregasyon an.

    Ki okazyon Nita te jwenn pou l envite Jad asiste yon reyinyon kongregasyon an?

  • Yon sèn nan videyo “Ede etidyan labib ou yo asiste reyinyon”. Nita souri bay Jad ki chita bò kote l nan reyinyon.

    Poukisa nou gen kè kontan lè yon etidyan Labib asiste reyinyon?

  • Yon sèn nan videyo “Ede etidyan labib ou yo asiste reyinyon”. Kèk sè ki kontan salye Jad apre yon reyinyon.

    “Bondye vrèman pami nou”

    Ki eksperyans Jad te fè lè l te asiste reyinyon pou premye fwa?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje