BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 mas p. 7
  • Ede etidyan Labib yo kite abitid ki pa pwòp

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede etidyan Labib yo kite abitid ki pa pwòp
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Ede etidyan Labib yo vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Aksepte èd Jewova bay pa mwayen lapriyè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Poze kesyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Touche kè yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 mas p. 7

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN | CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Ede etidyan Labib yo kite abitid ki pa pwòp

Se sèlman moun ki pwòp nan domèn moral k ap ka gen yon relasyon sere sere ak Jewova (1P 1:14-16). Toutpandan etidyan Labib yo ap kite move abitid yo te genyen, lavi fanmi yo, sante yo ap amelyore, e y ap jwenn byenfè nan domèn finansye.

Esplike yo prensip moral Jewova yo byen klè, rezon ki fè Jewova bay yo, e rezon ki fè nou ta dwe suiv yo. Konsantre w sou ede etidyan w lan chanje fason l panse e konsa y ap kapab fè sa Jewova vle yo fè (Ef 4:22-24). Ba yo asirans avèk èd Jewova yo ka rive kite yon seri move abitid ki anrasinen nan yo (Fp 4:13). Anseye yo pou yo sipliye Jewova lè yo devan sitiyasyon k ap pouse yo fè peche. Ede yo idantifye epi evite sitiyasyon ki ta ka fè yo tonbe nan tantasyon. Ankouraje yo pou yo ranplase move abitid yo te genyen ak aktivite k ap bon pou yo. N ap jwenn kè kontan lè nou wè chanjman etidyan Labib yo fè grasa èd Jewova.

GADE VIDEYO KI GEN TIT EDE ETIDYAN LABIB OU YO KITE ABITID KI PA PWÒP, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Ede etidyan labib ou yo kite abitid ki pa pwòp.” Nita ak Jad rankontre ak ansyen yo.

    Ki jan ansyen yo ak Nita te montre yo gen konfyans nan Jad?

  • Yon sèn nan videyo “Ede etidyan labib ou yo kite abitid ki pa pwòp.” Nita ap fè etid Jad.

    Ki jan Nita te bay Jad èd pratik?

  • Yon sèn nan videyo “Ede etidyan labib ou yo kite abitid ki pa pwòp.” Jad ap priye Jewova pou l mande l èd.

    Ki jan Jad te chèche èd nan men Jewova?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje