BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/08 p. 1
  • Byen itilize tan w pase nan ministè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen itilize tan w pase nan ministè a
  • Ministè Wayòm nan — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Reyinyon predikasyon ki atenn objektif yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2008
km 1/08 p. 1

Byen itilize tan w pase nan ministè a

1 Se sèten nou gen anpil travay pou nou akonpli nan ministè a, e tan nou genyen pou nou fè travay sa yo pa anpil (Jan 4:35 ; 1 Kor. 7:29). Men, si nou byen òganize nou e nou fè bonjan planifikasyon, n ap ka byen itilize tan nou rezève pou nou pase nan ministè a.

2 Se pou nou prepare : Anvan n al nan randevou predikasyon an, nou dwe asire nou nou gen piblikasyon n ap bezwen yo, e prezantasyon nou pral fè yo dwe klè nan lespri nou. Lè reyinyon predikasyon an fini, li ta bon pou nou ale nan tèritwa a dirèkteman. Sa ap ede ni ou menm ni moun k ap preche avèk ou a akonpli plis travay pandan tan nou dispoze pase nan ministè a.

3 Si se ou menm k ap kondui reyinyon predikasyon an, fè tout efò w pou w kòmanse alè. Pa pran anpil tan pou w fè reyinyon an, ou pa ta dwe pran plis pase 10 a 15 minit. Anvan n ale nan tèritwa a, asire w chak moun konnen ki kote yo pral preche e ak kiyès y ap preche.

4 Pandan nou nan ministè a : Yonfwa reyinyon predikasyon an fini, nou pa dwe fè reta san nesesite, men nou ta dwe pran wout tèritwa a imedyatman. Si w t al nan tèritwa a nan menm machin ak gwoup la e ou gen entansyon kite tèritwa a anvan lè, petèt ou ka aranje w pou w retounen poukont ou dekwa pou rès gwoup la pa oblije kite tèritwa a menm lè avè w. Lè w ap preche ak gwoup la, montre w gen konsiderasyon pou lòt pwoklamatè yo ki gendwa ap tann ou. Si w ap pale ak yon moun ki sou diskisyon, avèk tak, ou ka mete fen nan konvèsasyon an. Si se yon moun ki enterese nan laverite, ou ka pran yon randevou pou w retounen al vizite l. — Mat. 10:11.

5 Lè nou pral fè nouvèl vizit, nou ka evite kèk deplasman ki pa nesesè, si nou fè tout vizit nou genyen nan yon katye anvan nou deplase al fè lòt vizit nan yon lòt katye. Si posib, nou ka telefone moun nou gen pou n al vizite yo pou nou asire nou y ap lakay yo (Pwo. 21:5). Si w pral fè vizit nan yon zòn ki lwen e ou prevwa youn nan vizit ou pral fè yo ap dire yon bon ti tan, ou ka fè aranjman pou pwoklamatè ki nan gwoup ou a al preche nan zòn nan, oubyen pou yo fè nouvèl vizit nan zòn nan tou, si yo genyen.

6 N ap viv nan yon epòk kote gen yon gwo rekòt espirityèl k ap fèt (Mat. 9:37, 38). Talè konsa, travay la pral fini. Kidonk, nou ta dwe fè tout efò nou pou nou byen sèvi ak tan nou lè nou nan ministè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje