Pwogram pou semèn 30 mas
SEMÈN 30 MAS
□ Etid biblik kongregasyon an :
lv-CR chap. 3 § 8-15, kare p. 30
□ Lekòl ministè teyokratik :
Lekti Labib : Egzòd 1-6
No 1 : Egzòd 1:1-19
No 2 : Jezi aprann nou priye (lr-CR chap. 12)
No 3 : Èske se lespri sen Bondye ki bay moun yo pouvwa pou yo fè gerizon nan epòk nou an ? (rs p. 176-177 § 4)
□ Reyinyon sèvis :
5 min : Anons. Pa bliye bay anons enpòtan ki gen rapò ak Memoryal la.
15 min : Prepare nou pou nou ede moun ki enterese ki vin asiste Memoryal la. Se siveyan sèvis la k ap fè diskou sa a. L ap fè pwoklamatè yo sonje sa yo ka fè pou yo ede etidyan Labib yo, inaktif yo ak lòt moun ankò, tankou moun yo konnen ak manm fanmi yo ki vin asiste Memoryal la. (Gade paj 4 nan Ministè Wayòm mas 2008 la.) Fè yon demonstrasyon tou kout pou montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik ak yon moun ki enterese ki te vin asiste Memoryal la. Fè tout moun sonje pou yo suiv pwogram lekti biblik pou semèn Memoryal la, pwogram k ap kòmanse apati dimanch 5 avril. Ou ka fè sijesyon pratik pou ede moun yo suiv pwogram nan.
15 min : “ La Bible : Un livre historique et prophétique. ” Pa pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.