Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 26 avril 2010, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 20 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 1ye mas pou rive 26 avril 2010.
1. Ki sa Nawomi te vle di lè l te di pawòl sa yo: “Se Jewova ki imilye m e se Toupisan an ki lakòz mwen nan kalamite”? (Rit 1:21) [w05 1/3 p. 29 § 1]
2. Ki kalite Rit te gen lakay li ki te fè l “yon trè bon fi”? (Rit 3:11) [w05 1/3 p. 30 § 6]
3. Elkana te di madanm li Ana: “Èske mwen pa pi bon pou ou pase dis pitit gason?” Kòman pawòl sa yo te fòtifye madanm li? (1 Sam. 1:8) [w90-F 15/3 p. 27 § 5-6]
4. Ki sa k fè demann Izrayelit yo te fè pou yo gen yon wa a pa t kòrèk? (1 Sam. 8:5) [w05 1/10 p. 16 § 17; it-2-F p. 827 § 1]
5. Lefètke Samyèl te ‘vyeyi e cheve l te gri’ men li te toujou ap priye pou lòt moun, kòman sa montre li se yon bèl egzanp, e ki sa sa pwouve? (1 Sam. 12:2, 23) [w07 1/6 p. 31 §14-15]
6. Poukisa Kenit yo te jwenn yon konsiderasyon espesyal nan men Sayil? (1 Sam. 15:6) [w05 1/4 p. 30 § 2]
7. Ki sa k te pouse Sayil pou l al poze David kesyon pou l mande l “pitit ki moun ou ye”? (1 Sam. 17:58) [w07-F 1/8 p. 31 § 3, 5]
8. Ki sa nou aprann nan fason David te fè fas ak gwo pwoblèm li te rankontre nan Gat la? (1 Sam. 21:12, 13) [w05 1/4 p. 31 § 4]
9. Kòman Yonatàn te demontre lanmou ak imilite lè sa te nesesè pou l ede zanmi l David e pou l ankouraje l? (1 Sam. 23:17) [lv p. 28 § 10, nòt.]
10. Ki leson nou aprann nan rankont Sayil te fè ak manbo ki te nan vil Andò a? (1 Sam. 28:8-19) [w05 1/4 p. 31 § 7]