BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/11 p. 1
  • Yon travay ki bay moun anpil kè kontan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon travay ki bay moun anpil kè kontan
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ka anseye lòt moun pou yo vin disip?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fason nou kapab jwenn lajwa nan travay fè disip la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Premye pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 1/11 p. 1

Yon travay ki bay moun anpil kè kontan

1. Ki travay gerizon espirityèl k ap fèt jodi a?

1 Moun ki te wè gerizon ki te fèt nan premye syèk la te kontan anpil (Lik 5:24-26). Jodi a, nou kontan pou gerizon espirityèl k ap fèt pami moun yo (Rev. 22:1, 2, 17). Se pa ti kontan kè nou kontan lè n ap li eksperyans kote Pawòl Bondye a ak lespri sen transfòme lavi moun yo! Sepandan, nou gen plis satisfaksyon toujou lè se nou menm k ap patisipe nan travay sa a kote n ap kondui yon etid biblik ak yon moun k ap pwogrese.

2. Ki jwa nou ka genyen toutpandan n ap anseye yon moun laverite?

2 Ki non Bondye? Poukisa li pèmèt soufrans? Ki sa Wayòm Bondye a pral fè pou lèzòm? Se pa lè nou ede etidyan nou yo jwenn repons pou kesyon sa yo sèlman nou kontan, men tou nou kontan, lè nou wè lajwa k ap briye sou vizaj yo lè yo aprann laverite (Pwo. 15:23; Lik 24:32). Toutpandan yon etidyan ap fè pwogrè, l ap kòmanse sèvi ak non Jewova. L ap chanje fason li te konn abiye, fason li te konn penyen. L ap sispann pratike move bagay e l ap kòmanse preche lòt moun. Si l kontinye pwogrese jis li vwe lavi l bay Jewova e li batize, l ap vin frè nou oubyen sè nou, l ap vin yon moun k ap travay bò kote nou. Chak etap pozitif sa yo li franchi nan lavi l se yon rezon ki pou fè nou gen kè kontan. — 1 Tes. 2:19, 20.

3. Ki bagay pratik nou ka fè pou nou kòmanse yon etid biblik?

3 Èske nou ka patisipe ladan l? Si nou ta renmen patisipe nan travay sa a ki bay moun anpil kè kontan, priye Jewova, mande l pou l ban nou privilèj pou nou kondui yon etid biblik. Epi apre sa, aji ann amoni ak priyè nou fè a (1 Jan 5:14). Se pou n al preche kote nou ka jwenn moun yo e lè nou konnen yo la. Ofri moun yo etid biblik nan tout okazyon ki apwopriye (Ekl. 11:6). Lè nou jwenn moun ki enterese e nou plante yon ti grenn verite lakay yo, se pou nou retounen wouze ti grenn nou te plante a. — 1 Kor. 3:6-9.

4. Poukisa li ijan pou nou ofri moun yo etid biblik?

4 Gen yon kantite moun nou pa ka konte ki rete toujou pou nou preche, moun sa yo swaf pou sa ki jis triyonfe. Kiyès ki pral etidye Bib la avèk yo pou ede yo satisfè bezwen yo genyen pou yo aprann konnen Jewova (Mat. 5:3, 6)? Annou ofri tèt nou san yo pa fòse nou, annou pote èd pa nou pou travay predikasyon an ak travay fè disip la fin fèt nèt anvan rekòt la fini. — Iza. 6:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje