Premye pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Ki sa yon etid biblik ye ?
1 Sou tout tè a, sèvitè Bondye yo gen anviwon sis milyon etid biblik y ap kondui chak mwa. Si nou itilize metòd ansèyman ki efikas, nou ka rive ede etidyan sa yo fè pwogrè nan pwen pou yo vwe vi yo bay Bondye e pou yo batize. Konsa, y ap vin “ kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun ”. (2 Tim. 2:2.) Èske w ta renmen ede etidyan w yo pwogrese menm jan an ? Apati Ministè Wayòm sa a, ap gen yon nouvo ribrik ki bay kèk esplikasyon de baz sou fason pou nou kondui etid biblik k ap pwogrese.
2 Ki lè pou nou remèt rapò pou yon etid : Si nou fè ti pale de Labib ak yon moun regilyèman e selon yon plan byen presi, e nan ti pale sa yo nou sèvi ak Bib la ansanm ak yon piblikasyon ki fèt pou sa, se yon etid nou tou ap kondui. Sa yo di la a valab menmsi se nan papòt kay moun nan nou kanpe oswa se nan telefòn konvèsasyon sa yo dewoule. N ap remèt rapò pou etid la lè nou gentan fè l de fwa apre nou fin pran premye kontak ak moun nan, depi nou panse se yon etid k ap kontinye.
3 Se ak bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan yo sèvi pou yo kondui anpil etid biblik. Lè etidyan an fin etidye piblikasyon sa yo, si li evidan l ap fè pwogrè, menmsi se toupiti, e si l kòmanse apresye sa l ap aprann yo, nou ka kontinye etid la nan liv Adorez Dieu a. Natirèlman, pou yon moun ki pa fè gwo klas oswa ki pa li byen, nou ka sèvi ak bwochi Ou kapab vin zanmi Bondye ! a.
4 Etidye Labib ak moun se yon travay ki efikas e ki ede anpil anpil moun pou yo vin vrè disip Jezi Kris (Mat. 28:19, 20). Si nou aplike sijesyon yo pral bay nan nouvo ribrik sa a, n ap rive kondui etid biblik k ap pwogrese.