Sèvi ak liv Adorez Dieu a pou nou kondui etid biblik
Liv Adorez le seul vrai Dieu a fèt pou ede nouvo yo fè pwogrè nan laverite e pou yo vin pi apresye Jewova ak òganizasyon l lan. Nou ka sèvi avèk li kòm dezyèm liv pou ede etidyan yo. Men sa Ministè Wayòm jen 2000 lan esplike nan paj 4 : “ Si li klè, yon moun ap fè pwogrè malgre li pa ale vit, e si l ap devlope apresyasyon pou sa l aprann nan, alò kontinye etid Labib la nan yon dezyèm liv apre nou fini bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan. [...] Kèlkeswa sitiyasyon an, nou fèt pou n etidye bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan anvan. Menmsi etidyan an rive batize anvan l fini dezyèm liv la, nou ta dwe bay rapò pou etid biblik la, pou vizit yo ak tan nou pase pou kontinye kondui etid la. ”
Kiyès lòt moun ki kapab benefisye yon etid biblik nan liv Adorez Dieu a ? Men sa menm atik la kontinye di : “ Si w konnen kèk moun ki te etidye [bwochi Bondye vle a ak] liv Konesans lan deja men yo pa t janm pwogrese pou vwe yo epi pou yo batize, ou kapab pran inisyativ wè si yo ta renmen reprann etid biblik yo a. ” Annou fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etidye ak moun sa yo nan liv Adorez Dieu a pandan mwa mas ak mwa avril.