BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/99 p. 3
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi ak liv Adorez Dieu a pou nou kondui etid biblik
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • “ Kouman m ta janm fè kapab, si yon moun pa gide m ?”
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Èske w konn sèvi ak bwochi Bondye vle a pou w kòmanse etid biblik ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 7/99 p. 3

Repons kesyon w yo

◼ Ki piblikasyon nou dwe etidye avèk nouvo yo anvan yo batize ?

Depi anvan yon moun vwe vi l bay Jewova epi pou l batize, fòk li gen yon konesans egzat (Jan 17:3). L ap jwenn konesans li bezwen an, lè li etidye alafwa bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? avèk liv La connaissance qui mène à la vie éternelle la. Nan pifò ka yo, y ap etidye bwochi Sa Bondye vle a anvan. Men, si yon etidyan te gentan kòmanse fè etid nan liv Connaissance lan, l ap etidye bwochi Sa Bondye vle a lè l fini ak liv la. Poukisa sa nesesè ?

Bwochi Sa Bondye vle a bay yon ide jeneral sou ansèyman de baz ki nan Bib la. Si yon etidyan etidye bwochi a anvan, l ap ba li yon konpreyansyon fondamantal sou sa pou l fè pou fè Jewova plezi. Si l etidye bwochi a andènye, l ap sèvi l bonjan revizyon sou sa li te wè nan liv Connaissance lan. Nan kèlkeswa ka a, ankouraje etidyan an pou l chèche vèsè yo nan Bib la epi pou l medite sou yo. Asire w ou fè imaj yo pale paske se zouti ki efikas yo ye. — Gade nan La Tour de Garde 15 janvye 1997, paj 16-17.

Onfwa yon etidyan Labib fin etidye toulede piblikasyon yo, li dwe anmezi pou l reponn tout kesyon ansyen yo pral wè avè l lè y ap prepare l pou batèm. Si sa fèt konsa, li pa bezwen etidye okenn lòt liv ankò, men moun k ap etidye avè l la dwe kontinye swiv pwogrè l seryezman. — Gade nan La Tour de Garde 15 janvye 1996, paj 14, 17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje