“ Kouman m ta janm fè kapab, si yon moun pa gide m ? ”
1 Lè Filip ki t ap evanjelize te mande enik Etyopyen an si l konprann sa l ap li nan Pawòl Bondye a, nonm nan te reponn li : “ Men kouman m ta janm fè kapab, si yon moun pa gide m ?” Filip te byen kontan ede l konprann bon nouvèl konsènan Jezi Kris la, epi kòm rezilta nonm nan te batize tousuit (Tra. 8:26-38). Filip te obeyi misyon Kris te bay la pou ‘ fè disip pami moun tout nasyon, batize yo epi anseye yo. ’ — Mat. 28:19, 20.
2 Nou dwe obeyi misyon pou fè disip la, menm jan Filip te fè a. Sepandan, jan enik Etyopyen an te fè pwogrè espirityèl rapid la, nou pa wè sa fasil nan moun n ap etidye Labib avèk yo. Mesye sa a ki te yon pwozelit jwif, te konnen Labib byen. Li te gen yon kè byen dispoze, e li te sèlman bezwen asepte se Jezi ki Mesi Bondye te pwomèt la. Se yon defi pou nou si moun sa yo n ap etidye avèk yo a pa vrèman konnen Labib, si yo te twonpe yo ak fo ansèyman relijye oubyen si yo chaje ak pwoblèm pèsonèl difisil. Ki sa k pral ede nou reyisi gide moun n ap etidye Labib avèk yo a pou yo vwe yo e pou yo batize ?
3 Disènen bezwen espirityèl etidyan an : Paj mitan Ministè Wayòm out 1998 la te analize ki kantite tan nou kapab pran pou etidye bwochi Sa Bondye vle a ak liv Connaissance lan avèk moun yo. Men enstriksyon li te bay : “ Li nesesè pou n adapte vitès etid la selon sikonstans yo e selon kapasite etidyan an. [...] Antouka, nou pa dwe kouri avèk etid la, epi sakrifye bonjan konprann etidyan an bezwen genyen an. Chak etidyan bezwen yon bon baz pou lafwa li fèk ap genyen nan Pawòl Bondye a. ” Kidonk, nou rekòmande pou nou pa kouri ak enfòmasyon ki nan liv Connaissance lan nan lide pou nou eseye fini liv la nan 6 mwa. Sa kapab mande plis pase 6 mwa pou nou ede sèten moun pwogrese jis pou rive nan batèm. Alòske w ap kondi etid la semèn apre semèn, li bon pou w pase kèlkilanswa tan ki nesesè a pou w ede etidyan an konprann epi asepte sa l ap aprann nan nan Pawòl Bondye a. Nan sèten ka, de oswa twa semèn kapab nesesè pou w fini yon chapit nan liv Connaissance lan. Sa pral pèmèt ou gentan li epi fè limyè sou anpil nan tèks yo site yo. — Wom. 12:2.
4 Sepandan, ki sa pou w fè si, malgre ou fini liv Connaissance lan ou rann ou kont konpreyansyon etidyan an nan laverite a bezwen fin konplete ? Oubyen si malgre sa, li poko motive nèt pou l pran pozisyon pou laverite a e pou l vwe Bondye lavi li (1 Kor. 14:20) ? Ki sa w kapab fè anplis pou w gide l sou wout k ap mennen nan lavi a ? — Mat. 7:14.
5 Konble bezwen espirityèl etidyan an : Si li klè, malgre yon moun pa ale vit l ap fè pwogrè, e si l ap devlope apresyasyon pou sa l aprann nan, alò kontinye etid Labib la nan yon dezyèm liv apre nou fini bwochi Sa Bondye vle a ak liv Connaissance lan. Sa kapab pa nesesè nan chak ka, men lè sa nesesè, kontinye etid la nan liv Paix véritable, Unis dans le culte oswa nan liv Parole de Dieu a. Pifò pwoklamatè gen yon kopi pèsonèl nan liv sa yo pou sèvi sizoka kongregasyon an pa genyen l an rezèv. Liv Parole de Dieu a se sèl li menm nou kapab kòmande Bwouklin. Kèlkeswa sitiyasyon an, nou fèt pou n derape etid la nan bwochi Sa Bondye vle a ak liv Connaissance lan anvan. Menmsi etidyan an rive batize anvan l fini dezyèm liv la, nou ta dwe fè rapò pou etid biblik la, pou vizit yo ak tan nou pase pou kontinye kondi etid la.
6 Èske sa vle di moun ki te fèk batize men ki te etidye yon sèl liv fòk yo ta ede yo toujou pou yo etidye dezyèm liv la ? Pa fòseman. Sepandan, petèt yo ka vin inaktif oswa yo pa pwogrese nan laverite a, petèt tou yo santi yo bezwen yon koutmen pèsonèl pou yo kapab mete laverite a an pratik pi byen nan lavi yo. Nou ta dwe kontakte siveyan sèvis la anvan nou rekòmanse yon etid biblik ak yon pwoklamatè batize. Sepandan, si w konnen kèk moun ki te etidye liv Connaissance lan deja men yo pa t janm pwogrese pou vwe yo epi pou yo batize, ou kapab pran inisyativ wè si yo ta renmen repran etid biblik yo a.
7 Se yon prèv lanmou kretyen lè nou bay chak enterese n ap etidye avèk yo yon atansyon sere kole, yon atansyon pèsonèl. Objektif nou se ede etidyan an rive gen plis entelijans sou verite Pawòl Bondye a. Konsa, l ap kapab pran yon pozisyon byen fèm ki baze sou yon bonjan konesans laverite a e l ap kapab vwe Jewova lavi li epi senbolize ve sa a nan batèm dlo a. — Sòm 40:8 ; Efez. 3:17-19.
8 Èske w sonje sa k te rive apre enik Etyopyen an te fin batize ? “ Li te kontinye fè chemen l ak lajwa ” antanke nouvo disip Jezi Kris (Tra. 8:39, 40). Nou swete pou nou menm ak moun nou reyisi gide nan chemen laverite a jwenn gwo lajwa nan sèvi Jewova, depi kounye a e pou toutan !