Douzyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Ede etidyan yo kòmanse etid biblik e ede yo kondui yo
1 Lè moun n ap etidye Labib avèk yo fèk kòmanse patisipe nan predikasyon, ide pou yo kòmanse pwòp etid biblik pa yo e pou yo kondui etid sa yo ka entimide yo. Ki jan nou ka ede yo kiltive yon etadespri pozitif anrapò ak aspè trèzenpòtan sa a ki gen nan ministè a ? — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.
2 Lè yon etidyan ranpli kondisyon pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, an jeneral li deja ap pran bonjan fòmasyon nan Lekòl ministè teyokratik la. Fòmasyon li resevwa lè li prepare patisipasyon yo e lè li prezante yo antanke elèv ap ede l devlope talan li genyen pou l anseye e sa nesesè pou l vin “ yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. — 2 Tim. 2:15.
3 Anseye yo grasa egzanp nou ba yo : Pou Jezi te fòme disip li yo, li te ba yo enstriksyon ki klè e li te bay yo bèl egzanp pou yo suiv. Li te di : “ Nenpòt moun yo enstwi kòrèkteman pral vin tankou pwofesè l. ” (Lik 6:40). Li trèzenpòtan pou w imite Jezi, pou w bay yon bèl egzanp nan ministè w. Ofiramezi etidyan w lan ap suiv egzanp ou ba li nan ministè a, l ap vin reyalize objektif yon moun k ap fè vizit se pou l kòmanse etid biblik.
4 Esplike etidyan an, lè nou ofri yon moun yon etid biblik, an jeneral, li pa nesesè pou nou di moun nan an detay sa yon etid biblik enplike. Souvan li pi bon pou nou annik sèvi ak youn oswa de paragraf nan yon piblikasyon nou itilize pou nou fè etid pou nou montre moun nan ki jan yon etid fèt. N ap jwenn kèk sijesyon pratik sou fason nou ka kòmanse etid biblik nan paj 8 Ministè Wayòm sa a oswa nan paj 6 Ministè Wayòm janvye 2002.
5 Lè sa apwopriye, envite etidyan an pou l akonpaye w oubyen pou l akonpaye yon lòt pwoklamatè eksperimante nan lòt etid biblik. Li ka fè kòmantè sou yon paragraf oswa sou yon vèsè kle. Konsa, grasa sa etidyan an obsève, l ap aprann anpil bagay sou fason pou l kondui etid biblik k ap pwogrese (Pwo. 27:17 ; 2 Tim. 2:2). Felisite l e montre l ki jan li ka amelyore.
6 Fòmasyon nouvo pwoklamatè yo resevwa pou yo anseye Pawòl Bondye ap ekipe yo pou akonpli yon “ zèv ki bon ” : kòmanse etid biblik pa yo epi kondui yo (2 Tim. 3:17). Se pa ti kontan n ap kontan pou nou wè n ap travay kòtakòt ak yo pou nou lanse envitasyon touchan sa a : “ Se pou nenpòt moun ki vle, pran dlo lavi a gratis. ” — Re 22:17.