BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/11 p. 8
  • Jan pou nou prezante peryodik yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan pou nou prezante peryodik yo
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 1/11 p. 8

Jan pou nou prezante peryodik yo

La Tour de Garde 1ye janvye

Li Jenèz 2:16, 17. Epi di moun nan: “Gen moun ki di Bondye te konnen Adan t apral peche depi alavans. Gen lòt ki panse avètisman Bondye te bay la t ap montre Bondye gen ipokrizi lakay li si l te deja konnen sa k pral pase. E ou menm ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Atik ki kòmanse nan paj 13 la esplike ki jan Bondye sèvi ak kapasite l genyen pou l konnen lavni an.”

Réveillez-vous! Janvye

“Gen moun ki kwè lafwa yon moun k ap pratike yon relijyon plis chita sou emosyon pase l chita sou larezon. E ou menm, ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Selon Labib, lafwa yon moun pa dwe avèg. [Li 1 Jan 4:1.] Atik ki kòmanse nan paj 28 la esplike kòman nou ka asire nou lafwa nou chita byen fèm sou larezon.”

La Tour de Garde 1ye fevriye

“Jodi a, li kouran pou moun divòse; dapre ou menm, sa k fè sa? [Kite moun nan reponn.] Gade yon konsèy anpil moun marye twouve ki itil yo. [Li 1 Korentyen 10:24.] Peryodik sa a egzamine sis bagay byen souvan ki konn fè mari ak madanm pa satisfè e li montre lè yo aplike prensip ki nan Bib la, kòman sa ka ede yo anpil.”

Réveillez-vous! Fevriye

“Sanble moun vin enterese anpil nan zafè vanpi, nan maji ak bòkò. Èske w panse lè yon moun enplike nan bagay mistik, pa gen okenn danje nan sa? [Kite moun nan reponn.] Gade yon mizangad Bondye te bay pèp Izrayèl nan tan lontan an. [Li Detewonòm 18:10-12.] Peryodik sa a montre sa Bib la di sou bagay mistik.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje