Pwogram pou semèn 2 avril
SEMÈN 2 AVRIL
Kantik 8 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 13 § 1-6 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Jeremi 17-21 (10 min.)
No 1: Jeremi 21:1-10 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ki sa fason Satan ap dirije monn nan pwouve? (5 min.)
No 3: Ki sa k ka ede moun marye yo amelyore maryaj yo? — rs-F p. 229 § 1-4 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj sa a pou nou fè yon demonstrasyon kote nou pral montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa avril la.
15 min: Bezwen kongregasyon an.
10 min: Kèk sijesyon sou fason pou nou ofri peryodik yo nan mwa avril la. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w fè yon ti pale sou kèk atik ki ka enterese moun nan tèritwa a. Apre sa, atire atansyon moun yo sou seri atik ki nan kòmansman Toudegad la, epi mande yo ki kesyon yo ka poze pou yo eveye enterè moun yo rankontre a e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè menm jan an pou seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! a epi si gen tan pou sa, poze moun yo menm kesyon yo pou yon lòt atik ki nan Toudegad la oubyen ki nan Réveillez-vous! a. Fè yon demonstrasyon sou fason yo ka ofri chak peryodik.
Kantik 99 ak priyè