BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/12 p. 3
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2012
Ministè Wayòm nan — 2012
km 6/12 p. 3

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 25 jen 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou Lekòl la chak semèn.

1. Lefètke Jeremi te rete vivan nan yon epòk ki te difisil nan domèn ekonomik, ki asirans sa ban nou? (Jer. 37:21) [7 me, w97-F 15/9 p. 3 § 4–p. 4 § 1]

2. Nan ki sans kretyen ki gen esperans pou yo viv sou tè a imite bèl egzanp Ebèd-Melèk? (Jer. 38:8-13) [7 me, su-F p. 179 § 9]

3. Etandone Jewova te sèvi ak lame Neboukadnetsa a pou l te pwoteje Jeremi ak Bawouk, jodi a, èske li bon pou yon kretyen chèche pwoteksyon nan men polisye ki pote zam? (Jer. 39:11-14) [14 me, w83-F 15/10 p. 31]

4. Ki “gwo bagay” Bawouk t ap chèche pou tèt li, e fason li te reyaji devan konsèy Jewova te ba li a ede nou konsantre sou ki sa? (Jer. 45:5). [21 me, w06-F 15/8 p. 18 § 1; p. 19 § 6]

5. Lè y ap pale de pinisyon Edòm te merite jwenn nan, poukisa Jewova di li pa tankou moun k ap “ranmase rezen” ak moun k ap “vòlè”? (Jer. 49:9, 10) [28 me, w77-F p. 666 § 7–p. 667 § 1]

6. Ki leson nou ka aprann nan sa ki te rive wa Sidkiya apre l te fin “rebele kont wa Babilòn nan”, leson ki fè nou reflechi? (Jer. 52:3, 7-11) [4 jen, w88-F 15/9 p. 17 § 8; w81-F 1/7 p. 13 § 3-4; p. 14 § 6]

7. Ki sa “machpye” Jewova a ye e ki sa “joupa” li a ye? (Lam. 2:1, 6) [11 jen, w07 1/6 p. 9 § 1]

8. Ki sa Jeremi te vle di lè l di Jewova t ap ‘sonje li e li t ap panche byen ba’ sou li, e poukisa sa dwe gen anpil enpòtans pou nou? (Lam. 3:20) [18 jen, w07 1/6 p. 11 § 2]

9. Lè yon moun aprann andire anba soufrans yon jouk pandan jenès li, poukisa sa ap pote byenfè pou li? (Lam. 3:27) [18 jen, w07 1/6 p. 11 § 4; w87-F 15/2 p. 24 § 1]

10. Ki jan egzanp Ezekyèl ede nou pale avèk kran malgre gen moun ki pa enterese nan bon nouvèl la? (Eze. 3:8, 9) [25 jen, w08 15/7 p. 8-9 § 6-7]

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje