Pwogram pou semèn 25 jen
SEMÈN 25 JEN
Kantik 63 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
fy chap. 16 § 1-5 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Ezekyèl 1-5 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 4 la pou nou fè yon demonstrasyon kote nou pral montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa jiyè a.
15 min: Byen sèvi ak tan nou lè nou nan ministè a (Efe. 5:15, 16). Konvèsasyon. Li baze sou kesyon ki pi ba yo. 1) Ki sa nou ka fè pou nou byen sèvi ak tan nou lè: a) n ap fè reyinyon pou predikasyon? b) reyinyon pou predikasyon an fini? c) yon moun ki nan menm gwoup ak nou oubyen ki nan menm machin avèk nou fè yon konvèsasyon ki long ak yon moun ki enterese? d) n ap fè vizit ki epapiye plizyè kote nan tèritwa a? 2) Kòman nou ka evite gaspiye tan lè a) nou bay fanmi nou manje, si posib, anvan nou vin nan reyinyon pou predikasyon? b) tout moun rive a lè nan reyinyon predikasyon an? c) nou suiv avèk atansyon moun k ap bay patnè nan gwoup la e nou pa chanje patnè san nesesite lè reyinyon an fini? d) tout moun konnen ki kote yo pral preche anvan yo deplase pou y al nan tèritwa a?
10 min: Piblikasyon n ap ofri an jiyè. Konvèsasyon. Fè yon ti pale sou kèk pwen enteresan ki nan piblikasyon n ap ofri yo epi fè youn oubyen de demonstrasyon sou fason pou nou prezante yo.
Kantik 29 ak priyè