Repons kesyon w yo
◼ Ki sa w dwe sonje si w ta renmen kite yon pati nan byen w genyen oubyen tout byen w pou òganizasyon Jewova a lè w mouri?
Lè yon moun mouri li pa gen kontwòl ankò sou byen l genyen (Ekl. 9:5, 6). Se sa k fè, gen anpil moun ki ekri yon dokiman legal anvan yo mouri kote yo esplike fason yo vle yo separe byen yo genyen (2 Wa 20:1). Anplis de sa, nan dokiman sa a, yo tou di ki moun yo bay responsablite pou fè separasyon byen yo. Nan kèk peyi, si moun nan pa t gentan ekri dokiman sa a, se otorite nan peyi a k ap deside fason pou yo fè separasyon byen moun nan mouri kite yo. Sepandan, si gen yon fason byen presi ou ta renmen yo separe byen w genyen lè w fin mouri, tankou ou ta renmen yo bay òganizasyon Jewova a yon pati ladan l oubyen ou vle yo ba l tout, li enpòtan pou w ekri yon dokiman legal kote ou di sa w vle a. E ou dwe byen chwazi moun ou vle bay fè travay sa a.
Moun ou chwazi a gen yon gwo responsablite. Selon kantite byen oubyen kantite lajan ou genyen, sa ka mande anpil tan ak anpil travay pou moun nan rasanble tout bagay e pou l fè separasyon an. Anplis de sa, byen souvan otorite nan peyi a ka gen enstriksyon sou fason pou yo fè sa e moun dwe suiv enstriksyon sa yo. Se pa nenpòt moun nan kongregasyon an otomatikman ki ka byen jwe wòl sa a. Moun ou chwazi a dwe yon moun ki gen konpetans, yon moun ou fè konfyans, yon moun k ap fè sa w mande a. — Gade atik ki gen tit: “Préparer sa succession: une mesure sage”, ki nan Réveillez-vous! 8 desanm 1998.
Si yo mande w pou w fè separasyon byen: Si yon moun mande w si w dakò pou l ba w responsablite pou w fè separasyon byen li genyen lè l fin mouri, toudabò li enpòtan pou w byen reflechi sou sa responsablite sa a gen ladan l. Ansuit gade si w anmezi pou w akonpli misyon sa a, epi lapriyè sou sa (Lik 14:28-32). Lè moun nan mouri, w ap bezwen fè tout moun li te chwazi pou benefisye byen l yo konn sa. Epi lè w fin jwenn otorizasyon pou w fè pataj la, w ap gen responsablite pou w separe byen yo selon lalwa e ou dwe fè sa egzakteman jan moun nan te ekri sa nan papye legal li te kite a oubyen jan l te vle a. Moun ki gen responsablite pou fè separasyon byen yo pa dwe fè anyen ki pa ekri nan papye legal la, kit byen moun nan anpil kit yo pa anpil. Tout don yo fè yon asosyasyon legal Temwen Jewova yo itilize vin fè pati fon ki pou òganizasyon Jewova a. — Lik 16:10; 21:1-4.