BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/11 p. 14-15
  • Annou montre nou donan tankou Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou montre nou donan tankou Jewova
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PI BÈL EGZANP LAN
  • Sa ki anplis la ap kouvri sa ki manke a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Jewova beni moun ki renmen bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki jan nou ka ede lòt moun ki nan bezwen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/11 p. 14-15
Yon dam k ap pase yon kat kredi nan yon aparèy ki fèt pou sa.

Annou montre nou donan tankou Jewova

JEWOVA se yon Dye ki donan (Jak 1:17). Soti nan zetwal ki nan syèl la rive nan plant ki kouvri tè a, kreyasyon Jewova a montre l donan. — Sòm 65:12, 13; 147:7, 8; 148:3, 4.

Salmis lan te tèlman rekonesan anvè Kreyatè l la sa te pouse l konpoze yon chante pou l fè louwanj pou travay Jewova yo. Li Sòm 104, epi gade si w pa santi w menm jan ak salmis lan. Men sa l te di: “M ap chante pou Jewova pandan tout vi m. Toutotan m vivan, m ap chante louwanj pou Bondye m nan.” ​(Sòm 104:33). Èske se sa w anvi fè tou?

PI BÈL EGZANP LAN

Jewova vle pou n suiv egzanp li antanke moun ki donan. Li bay bonjan rezon ki fè n dwe renmen bay. Gade ki sa li te pouse apot Pòl ekri: “Anseye moun ki rich nan sistèm ki la kounye a pou yo pa awogan, pou yo pa met espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye, ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka jwi yo. Di yo pou yo travay pou sa ki byen, pou yo rich nan fè bèl aksyon, pou yo donan e pou yo dispoze pataje ak lòt moun, e konsa, y ap sere yon trezò pou yo menm, sa vle di yon bon baz pou lavni, dekwa pou yo ka kenbe lavi toutbon an fèm.” — 1 Tim. 6:17-19.

Lè apot Pòl te ekri dezyèm lèt li te voye bay kongregasyon Korent lan, li te mete aksan sou bonjan atitid moun dwe genyen nan kesyon bay la. Men sa l te di: “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” ​(2 Kor. 9:7). Apre sa, apot Pòl te pale de moun ki jwenn byenfè grasa don lòt moun fè. Li te pale de moun ki resevwa don sa yo paske yo rive jwenn sa yo bezwen e l te pale de moun ki fè don yo kòm moun ki jwenn anpil benediksyon nan men Bondye. — 2 Kor. 9:11-14.

Apot Pòl te pale de pi gwo prèv ki montre Bondye donan an nan fen pati sa a nan lèt li a. Men sa l te ekri: “N ap di Bondye mèsi pou kado l bay la, yon kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l.” ​(2 Kor. 9:15). Kado Jewova bay la gen ladan l tout bon bagay Bondye fè pou pèp li a pa mwayen Jezi Kris. Yo tèlman anpil, moun pa jwenn mo pou yo esplike tout valè yo genyen.

Ki jan n ka montre n rekonesan pou tout sa Jewova ak Pitit Gason l lan fè pou nou e pou sa yo pral fè pou nou? Youn nan fason nou ka fè sa se lè n bay tan nou, fòs nou, ak lòt bagay nou genyen pou vrè adorasyon n ap bay Jewova a ka kontinye pwogrese, kit sa nou bay la piti, kit li anpil. — 1 Kwo. 22:14; 29:3-5; Lik 21:1-4.

Fason kèk moun chwazi bay ofrann pou travay mondyal la

Menm jan sa te konn fèt nan epòk Pòl la, jodi a anpil moun konn “mete yon ti bagay apa”, oswa yo konn sere yon ti kòb pou yo met nan bwat nan kongregasyon yo ki make “ofrann pou travay mondyal la” ​(1 Kor. 16:2). Chak mwa, kongregasyon yo voye ofrann sa yo nan biwo Temwen Jewova ki nan peyi kote yo ye a. Li posib tou pou n voye yo dirèkteman bay yon asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote nou ye a. Pou n ka konn non prensipal asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote nou ye a, tanpri, kontakte biwo filyal ki nan peyi a. Nou ka jwenn adrès biwo filyal la sou sit www.jw.org la. Men kèk ofrann nou ka fè:

OFRANN NOU KA FÈ DIRÈKTEMAN

  • Nou ka fè ofrann pa mwayen transfè nan bank elektwonik oswa kat kredi. Nan kèk filyal, li posib pou n sèvi ak sit jw.org la oswa lòt sit wèb yo ban nou.

  • Nou ka bay kòb, bijou oswa lòt bagay nou genyen ki gen valè. Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou fè konnen kòb oswa lòt bagay n ap bay yo se yon ofrann n ap fè dirèkteman.

ARANJMAN POU OFRANN AVÈK KONDISYON

  • Nou ka bay asosyasyon an kenbe lajan akondisyon pou l remèt nou li lè n bezwen l.

  • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou di n ap fè yon ofrann avèk kondisyon.

PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN

Anplis lajan ak bagay ki gen valè nou ka bay kòm ofrann, gen lòt fason ankò nou ka fè ofrann k ap pèmèt travay Wayòm nan kontinye vanse sou tout tè a. N ap jwenn lòt fason sa yo nan lis ki pi ba a. Kèlkeswa fason nou ta renmen fè ofrann nan, tanpri kontakte biwo filyal ki nan peyi nou an anvan pou n ka konnen ki metòd nou ka itilize. Etandone lwa yo ak taks yo konn chanje, li enpòtan pou n pran kontak ak moun ki byen konnen lwa peyi a ak kantite taks Leta mande anvan nou chwazi pi bon fason pou n fè yon ofrann.

Asirans: Yon asosyasyon Temwen Jewova yo itilize kapab benefisye yon asirans vi oswa yon pansyon.

Kont an bank: Yon moun ki gen yon kont an bank, yon depo a tèm oswa yon kont retrèt ka fè aranjman pou yon asosyasyon Temwen Jewova resevwa kòb sa a lè l mouri, selon sa bank kote moun nan gen kòb la egzije.

Aksyon ak bon: Nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado aksyon ak bon dirèkteman oswa nou ka ekri yon lèt pou n di nou dakò pou asosyasyon sa a benefisye yo lè n mouri.

Byen imobilye: Si nou gen byen imobilye, tè oswa kay ki ka vann, nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado l. Si se yon mezon rezidansyèl, nou ka fè kado l toutpandan nou kontinye ret ladan l pandan tout vi nou.

Anuite: Yon moun ka transfere lajan li genyen sou non youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo. Li ka fè sa tou pou pyès li genyen ki montre l gen lajan an depo nan yon òganizasyon. Anretou, moun ki fè ofrann nan ap resevwa yon montan byen presi chak ane pandan tout vi l. Nan ane moun nan fè aranjman sa a, li posib pou yo diminye enpo li peye sou revni l.

Testaman ak lajan oswa byen yon moun bay lòt moun jere: Yon moun ka fè yon testaman legal pou lè l mouri youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo ka resevwa byen oswa lajan li te genyen, oswa li ka fè bonjan aranjman pou youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo resevwa lajan sa a oswa byen sa a lè l mouri. Aranjman sa a ka fè moun ki fè l la jwenn kèk avantaj lè l ap peye taks. Sepandan, si yon moun ta renmen fè yon testaman konsa, l ap bon pou l kontakte biwo filyal la anvan l fè sa.

Jan ekspresyon “planifikasyon pou fè ofrann” nan montre sa, lè yon moun ap fè ofrann fason sa yo li oblije planifye pou sa. Gen yon ti liv ki disponib ann anglè ak ann espayòl ki la pou ede moun ki ta renmen fè ofrann nan fason sa yo pou ede Temwen Jewova yo nan travay mondyal la. Men tit li ann anglè: Charitable Planning to Benefit Kingdom Service Worldwide. Yo te ekri ti liv sa a nan objektif pou bay enfòmasyon sou diferan fason yon moun ka bay òganizasyon an ofrann kounye a oswa pi devan ak sou fason li ka planifye sa pou si l ta mouri. Nou gendwa pa ka aplike enfòmasyon nou jwenn nan ti liv sa a nan tout sitiyasyon akoz taks oswa lòt lwa ki gen nan peyi kote nou ye a. Men, apre n fin li ti liv sa a, nou dwe pale ak moun nou genyen k ap konseye nou sou zafè lalwa ak taks. Gen anpil moun ki vin ap ede òganizasyon an nan travay predikasyon an ak nan travay imanitè l ap fè sou tout tè a paske yo itilize metòd sa yo pou yo fè ofrann. Moun sa yo jwenn anpil avantaj lè y ap peye taks. Si ti liv sa a disponib nan peyi nou ye a, nou ka jwenn yon kopi nan men sekretè kongregasyon an.

Pou plis enfòmasyon, nou ka kontakte biwo filyal la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje