BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/11 p. 8-9
  • Ki jan nou ka ede lòt moun ki nan bezwen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan nou ka ede lòt moun ki nan bezwen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Sa ki anplis la ap kouvri sa ki manke a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Annou montre nou donan tankou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Jewova beni moun ki renmen bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “Moun ki renmen bay ap jwenn benediksyon”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/11 p. 8-9

Ki jan nou ka ede lòt moun ki nan bezwen?

MEN sa François, yon ansyen k ap viv nan yon peyi an devlopman fè konnen: “Apre anpil vyolans te eklate akoz yon eleksyon ki te konteste, plizyè milye Temwen Jewova te oblije abandone kay yo. Li pa t fasil ditou pou moun jwenn manje ak medikaman, e sa ki te genyen yo te chè anpil anpil. Bank yo te fèmen, gichè otomatik yo te vid oswa yo te sispann mache.”

San pèdi tan, frè yo nan filyal la te kòmanse voye lajan ak lòt bagay moun bezwen lè gen ijans pou frè ak sè ki te abandone kay yo e ki te refijye nan Sal Wayòm ki toupatou nan peyi a. De kan ki t ap goumen yo te met barikad nan wout yo, men, piske yo konnen Temwen Jewova yo pa mele nan zafè politik, an jeneral, yo te konn kite machin filyal yo pase.

Men sa François fè konnen: “Pandan n te sou wout pou n al nan yon Sal Wayòm, gen moun ki kache ki te tire sou machin nou an. Sepandan, bal yo te pase nan mitan nou. Lè n te wè yon sòlda k ap kouri vin sou nou ak zam li nan men l, nou te prese fè bak, nou kase tèt tounen, epi nou kouri retounen nan filyal la. Nou rekonesan anpil anvè Jewova dèske n pa t mouri. Nan demen, tout 130 frè ak sè ki te nan Sal Wayòm sa a te rive nan yon zòn ki an sekirite. Gen kèk nan yo ki t al nan filyal la kote nou te pran swen yo ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl jiskaske pwoblèm yo te fini.”

Men sa François kontinye pou l di: “Annapre, biwo filyal la te resevwa anpil lèt frè ak sè toupatou nan peyi a te ekri l pou yo montre jan yo rekonesan. Lè yo wè jan frè ak sè ki nan lòt zòn yo te vin ede yo, sa te fè yo vin gen plis konfyans nan Jewova.”

Lè n ap fè fas ak katastwòf natirèl oswa ak katastwòf lèzòm pwovoke, nou pa di frè ak sè nou yo ki nan bezwen “chofe kò w, epi kontinye byen manje”. (Jak 2:15, 16.) Olye de sa, nou chèche ede yo nan domèn materyèl. Menm jan an tou, apre disip yo te fin jwenn avètisman konsènan yon gwo grangou ki t ap genyen nan premye syèk la, “disip yo te deside, selon mwayen yo chak, pou yo voye sekou bay frè ki te abite Jide yo”. — Tra. 11:28-30.

Antanke sèvitè Jewova, nou chofe pou n ede moun ki gen bezwen nan domèn materyèl. Sepandan, moun yo gen bezwen nan domèn espirityèl tou (Mat. 5:3). Pou Jezi te ede moun yo rann yo kont yo gen bezwen sa a epi pou l te ede yo wè ki sa yo dwe fè pou yo satisfè l, li te bay moun k ap suiv li yo lòd pou yo fè disip (Mat. 28:19, 20). Nou chak bay anpil nan tan nou, nan fòs nou ak nan byen materyèl nou posede pou n kontinye obeyi lòd sa a. Antanke òganizasyon, nou sèvi ak kèk ofrann volontè pou n bay èd nan domèn materyèl, sepandan, nou itilize ofrann yo prensipalman pou n fè travay Wayòm nan avanse e pou n gaye bon nouvèl la. Konsa, nou montre nou renmen Bondye e nou renmen pwochen nou. — Mat. 22:37-39.

Moun ki soutni travay Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye a kapab gen asirans y ap byen sèvi ak ofrann yo fè yo. Èske w kapab bay èd pa w nan pote soulajman pou frè ak sè nou yo ki nan bezwen? Èske w gen dezi pou w soutni travay fè disip la? Si se wi, “pa refize fè byen pou moun ou dwe yo sa, chak fwa ou gen pouvwa nan men w pou w fè sa”. — Pwo. 3:27, NW.

FASON KÈK MOUN CHWAZI BAY OFRANN POU TRAVAY MONDYAL LA

Menm jan sa te konn fèt nan epòk apot Pòl la, jodi a anpil moun konn “mete yon ti bagay apa”, oswa yo konn sere yon ti kòb pou yo mete nan bwat ki make “ofrann pou travay mondyal la” ki nan kongregasyon yo (1 Kor. 16:2). Chak mwa, kongregasyon yo voye ofrann sa yo nan biwo Temwen Jewova ki nan peyi kote yo ye a. Li posib tou pou nou voye ofrann nou yo dirèkteman bay yon asosyasyon Temwen Jewova yo konn itilize nan peyi kote nou ye a. Pou n ka konn non prensipal asosyasyon Temwen Jewova ki nan peyi kote nou ye a konn itilize, tanpri, kontakte biwo filyal ki nan peyi a. Nou ka jwenn adrès biwo filyal la sou sit wèb www.jw.org la. Men kèk ofrann nou ka fè dirèkteman:

  • OFRANN NOU KA FÈ DIRÈKTEMAN

    • Nou ka bay kòb, bijou oswa lòt bagay nou genyen ki gen valè.

    • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou fè konnen kòb la oswa lòt bagay n ap bay yo se yon ofrann n ap fè dirèkteman.

  • ARANJMAN POU OFRANN AVÈK KONDISYON

    • Nou ka bay asosyasyon an kenbe lajan pou nou akondisyon pou l remèt nou li lè nou bezwen l.

    • Lè n ap fè sa, ekri yon lèt pou fè konnen n ap fè yon ofrann avèk kondisyon.

  • PLANIFIKASYON POU NOU FÈ OFRANN

    Anplis lajan ak bagay ki gen valè nou kapab bay kòm ofrann, gen lòt fason ankò nou ka fè ofrann k ap pèmèt travay Wayòm nan k ap fèt sou tout tè a kontinye vanse. N ap jwenn lòt fason sa yo nan lis ki pi ba a. Kèlkeswa fason nou ta renmen fè ofrann nan, tanpri kontakte biwo filyal ki nan peyi nou an anvan pou n ka konnen ki metòd nou ka itilize. Etandone lwa yo ak taks yo konn chanje, li enpòtan pou n pran kontak ak moun ki byen konnen lwa peyi a ak kantite taks Leta mande anvan nou chwazi pi bon fason pou n fè yon ofrann.

    Asirans: Yon asosyasyon Temwen Jewova yo itilize kapab benefisye yon asirans vi oswa yon pansyon.

    Kont an bank: Yon moun ki gen yon kont an bank, yon depo a tèm oswa yon kont retrèt ka fè aranjman pou yon asosyasyon Temwen Jewova resevwa kòb sa a lè l mouri, selon sa bank kote moun nan gen kòb la egzije.

    Aksyon ak bon: Nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado aksyon ak bon dirèkteman, oswa nou ka fè aranjman pou asosyasyon sa a benefisye yo lè nou mouri.

    Byen imobilye: Si nou gen byen imobilye, tè oswa kay ki ka vann, nou ka fè yon asosyasyon Temwen Jewova kado l. Si se yon mezon rezidansyèl, nou ka fè kado l toutpandan nou kontinye rete ladan l pandan tout vi nou.

    Anuite: Yon moun ka transfere lajan li genyen sou non youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo. Li ka fè sa tou pou pyès li genyen ki montre li gen lajan an depo nan yon òganizasyon. Anretou, moun ki fè ofrann nan oswa yon lòt moun li chwazi ap resevwa yon montan byen presi chak ane pandan tout vi l. Nan ane moun nan fè aranjman sa a, li posib pou yo diminye enpo li peye sou revni l.

    Testaman ak lajan oswa byen yon moun genyen li bay lòt moun jere pou li: Yon moun ka fè yon testaman legal yon fason pou lè l mouri youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo kapab resevwa byen oswa lajan li te genyen, oswa li ka fè bonjan aranjman pou youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo resevwa lajan sa a oswa byen sa a lè l mouri. Aranjman sa a ka fè moun ki fè l la jwenn kèk avantaj lè l ap peye taks. Sepandan, si yon moun ta renmen fè yon testaman konsa, l ap bon pou l kontakte biwo filyal la anvan l fè sa.

Jan ekspresyon “planifikasyon pou fè ofrann” nan montre sa, lè yon moun ap fè ofrann fason sa yo, li oblije planifye pou sa. Gen yon ti liv ki disponib ann anglè ak ann espayòl ki la pou ede moun ki ta renmen fè ofrann nan fason sa yo pou ede Temwen Jewova yo nan travay mondyal la. Men tit li ann anglè: Charitable Planning to Benefit Kingdom Service Worldwide. Yo te ekri ti liv sa a nan objektif pou bay enfòmasyon sou diferan fason yon moun ka bay òganizasyon an ofrann kounye a oswa pi devan ak sou fason li ka planifye sa pou si l ta mouri. Nou gendwa pa ka aplike enfòmasyon nou jwenn nan ti liv sa a nan tout sitiyasyon akoz taks oswa lòt lwa ki gen nan peyi kote nou ye a. Men, apre n fin li ti liv sa a, nou dwe pale ak moun nou genyen k ap konseye nou sou zafè lalwa ak taks. Gen anpil moun ki vin ap ede òganizasyon an nan travay predikasyon an ak nan travay imanitè l ap fè sou tout tè a paske yo itilize metòd sa yo pou yo fè ofrann. Moun sa yo jwenn anpil avantaj lè y ap peye taks. Si ti liv sa a disponib nan peyi kote n ye a, nou kapab jwenn yon kopi nan men sekretè kongregasyon ki nan zòn kote n ye a.

Si nou bezwen plis enfòmasyon, nou ka ekri biwo yo rele Charitable Planning Office la nan adrès ki pi ba a, oswa nou ka kontakte l nan telefòn. Nou ka kontakte biwo filyal ki nan peyi kote nou ye a tou.

CHARITABLE PLANNING OFFICE

Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

100 Watchtower Drive

Patterson, New York 12563-9204

Telefòn: (845) 306-0707

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje