Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 29 oktòb 2012, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Yo bay dat y ap egzamine sijè yo dekwa pou nou fè rechèch lè n ap prepare pou Lekòl la chak semèn.
1. Ki sa lotèl Ezekyèl te wè nan vizyon an reprezante? (Eze. 43:13-20) [10 sept., w07-F 1/8 p. 10 § 4]
2. Ki sa dlo nan rivyè Ezekyèl te wè nan vizyon an reprezante? (Eze. 47:1-5) [17 sept., w07-F 1/8 p. 11 § 2]
3. Konsènan enstriksyon espirityèl Dànyèl te resevwa lè l te jèn, ki sa ekspresyon “detèmine nan kè l” la montre? (Dàn. 1:8) [24 sept., dp-F p. 32 § 4-6; p. 36 § 16]
4. Ki sa gwo pye bwa Neboukadnetsa te wè nan rèv li a reprezante? (Dàn. 4:10, 11, 20-22) [1ye okt., w07 1/9 p. 19 § 5]
5. Ki sa Dànyèl 9:17-19 aprann nou sou lapriyè? [8 okt., w07 1/9 p. 21 § 5-6]
6. Ki alyans yo te kenbe “an vigè pou anpil moun” jiskaske 70yèm semèn ane a te fini nan ane 36 epòk nou an? (Dàn. 9:27) [8 okt., w07 1/9 p. 21 § 4]
7. Ak ki konklizyon nou ka abouti lè nou konsidere pawòl sa yo zanj lan te di Dànyèl la: “Prens wayòm Pès la” te kanpe ann opozisyon ak li? (Dàn. 10:13) [15 okt., w11 1/10 p. 8 § 2-3]
8. Ki pwofesi nan Bib la konsènan Mesi a ki akonpli sa yo te di nan Dànyèl 11:20 an? [15 okt., dp-F p. 232-233 § 5-6]
9. Selon Ocheya 4:11, site youn nan danje ki genyen lè yon moun bwè twòp bwason ki gen alkòl? [22 okt., w10-F 1/1 p. 4-5]
10. Ki leson trèzenpòtan nou aprann nan Ocheya 6:6? [22 okt., w07-F 15/9 p. 16 § 8; w05 1/12 p. 14 § 11-12]