Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
1. Ki byenfè nou te konn jwenn nan etid liv kongregasyon an nou toujou jwenn nan gwoup predikasyon nou ye a?
1 Èske w regrèt kèk aspè ki te gen nan etid liv kongregasyon an? Gwoup yo pa t gen anpil moun epi kad la te pi rilaks. Sa te fè li pi fasil pou yon moun fè zanmi ak lòt moun nan gwoup la e sa te ede nou rete fò nan domèn espirityèl (Pwo. 18:24). Siveyan etid liv la te konnen sitiyasyon chak moun e li te ka ban nou chak ankourajman ki koresponn ak bezwen nou (Pwo. 27:23; 1 Pyè 5:2, 3). Nou ka toujou jwenn menm byenfè sa yo nan gwoup predikasyon nou ye a.
2. Ki inisyativ nou ka pran nan gwoup predikasyon nou ye a pou nou ka gen bon zanmi, yon bagay k ap yon èd espirityèl pou nou?
2 Pran inisyativ: An jeneral, se menm kantite moun ki te konn gen nan etid liv kongregasyon an ki nan gwoup predikasyon yo. Lè nou patisipe nan predikasyon “kòtakòt” ak lòt pwoklamatè yo nou ka vin bon zanmi yo (Fil. 1:27). Ak konbyen moun nan gwoup ou ye a ou deja preche? Èske w ka “ouvri kè w” nan domèn sa a (2 Kor. 6:13)? Anplis de sa, tanzantan ou ka envite yon moun nan gwoup ou a vin asiste adorasyon an fanmi ou fè lakay ou oubyen ou ka envite yon moun nan gwoup la vin manje avèk ou. Nan kèk kongregasyon, gwoup predikasyon yo fè woulman pou yo prepare manje pou frè ki soti nan lòt kongregasyon ki vin bay diskou nan kongregasyon yo a. Lè jou a rive, gwoup yo te asiye pou semèn nan reyini ansanm pou yo manje e pou youn ka ankouraje lòt nan moman sa a, kit frè ki te vin bay diskou a ka rete pou repa a kit li pa ka rete.
3. Ki okazyon nou genyen nan gwoup predikasyon nou pou nou jwenn èd nan men ansyen yo antanke bèje?
3 Menmsi kounye a se de fwa pa semèn sèlman nou gen reyinyon nan kongregasyon an sa pa vle di pwoklamatè yo dwe jwenn mwens èd nan men ansyen yo antanke bèje. Siveyan gwoup yo la pou yo bay chak moun ki nan gwoup yo a ankourajman e pou yo fòme gwoup la nan ministè a. Si siveyan gwoup ou a poko janm fè aranjman pou l patisipe nan ministè a avè w, poukisa ou pa mande l pou l soti avè w yon jou? Mete sou sa, siveyan sèvis la patisipe nan ministè a ak yon gwoup diferan chak mwa pandan yon wikenn. Nan ti kongregasyon ki pa gen anpil gwoup predikasyon, siveyan sèvis la ka pran dispozisyon pou l vizite chak gwoup de fwa nan ane a. Èske w ranje pwogram ou yon fason pou w patisipe nan predikasyon lè l ap vizite gwoup pa w la?
4. a) Kòman yo ka òganize reyinyon predikasyon yo? b) Poukisa nou dwe reflechi sou posiblite pou nou bay kay nou pou yo fè reyinyon predikasyon?
4 Byen souvan, li pi bon pou chak gwoup fè reyinyon predikasyon apa pandan wikenn. Lè gen plizyè kote pou gwoup yo reyini pou soti predikasyon e yo fè randevou yo anviwon menm lè, sa fè l pi fasil pou pwoklamatè yo ale nan randevou predikasyon yo e petèt li pi fasil pou y al nan tèritwa a tou. Pwoklamatè yo ka òganize yo byen vit e yo ka pran wout pou y al nan tèritwa a san pèdi tan. Li pi fasil pou siveyan gwoup la voye je sou tout moun ki nan gwoup li a. Sepandan, gen kèk sikonstans ki ka fè de gwoup oubyen plizyè gwoup reyini ansanm. Si tout kongregasyon reyini ansanm premye samdi nan mwa a oubyen apre etid Toudegad, l ap pi bon pou tout moun ki nan yon gwoup chita ansanm e pou yo bay siveyan chak gwoup kèk minit pou l òganize gwoup li a anvan yo fè priyè final pou reyinyon predikasyon an. — Gade kare ki gen tit: “Èske w ka bay kay ou?”
5. Menmsi pa gen etid liv kongregasyon an ankò, ki asirans nou ka genyen?
5 Menmsi pa gen etid liv kongregasyon an ankò, Jewova kontinye ban nou tout sa nou bezwen pou nou fè volonte l (Ebre 13:20, 21). Grasa èd Jewova nou pa manke anyen (Sòm 23:1). Gen anpil benediksyon nou jwenn grasa gwoup predikasyon yo. Si nou pran inisyativ pou nou “simen anpil” n ap “rekòlte anpil tou”. — 2 Kor. 9:6.
[Kare nan paj 6]
Èske w ka bay kay ou?
Gen kèk kongregasyon ki mete plizyè gwoup predikasyon ansanm lè wikenn paske yo pa jwenn ase kay pou yo fè reyinyon predikasyon yo. Reyinyon predikasyon yo se yon pati nan aktivite nou gen nan kongregasyon an. Kidonk, se vrèman yon privilèj pou yon moun gen yon gwoup predikasyon lakay li. Èske w ka mete kay ou disponib pou sa? Pinga w pè bay kay ou paske w panse ti kay ou a twò senp. Ansyen yo ap pran an konsiderasyon zòn kote kay la ye ak kèk lòt bagay yo te konn pran an konsiderasyon lè yo te konn chwazi yon kay pou yo mete yon etid liv ladan l. Si w ta renmen bay kay ou fè siveyan gwoup ou a konn sa.