BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 8
  • Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ?
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlman
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2001
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 8

Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou

1. Ki jan tout senk reyinyon nou gen chak semèn yo ede nou ?

1 Chak semèn nou gen senk reyinyon e chak reyinyon sa yo diferan youn parapò ak lòt. Yo diferan ni nan fason yo kondui yo ni nan objektif yo. Sepandan, yo tout endispansab pou ede nou “ voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon ”. (Ebre 10:24, 25.) Etid liv gen kèk avantaj inik lòt reyinyon yo pa genyen. Ki avantaj sa yo ?

2. Lefètke etid liv la pa fèt ak anpil moun ki avantaj sa gen ladan l ?

2 Li ede nou pwogrese espirityèlman : Jeneralman, kantite moun ki asiste yon etid liv pi piti lontan pase kantite moun ki asiste lòt reyinyon ki fèt nan kongregasyon an. Sa fè li pi fasil pou nou devlope amitye ak lòt frè ak sè ki kapab ede nou nan domèn espirityèl (Pwo. 18:24). Èske w fè efò pou w rive konnen tout moun ki nan gwoup etid liv ou a , petèt ou envite yo chak pou yo akonpaye w nan ministè a ? Reyinyon sa a pèmèt siveyan etid liv la rive konnen sitiyasyon chak pwoklamatè ki fè pati gwoup pa l la e konsa li kapab ba yo chak ankourajman. — Pwo. 27:23.

3. Ki jan etid liv la ankouraje nou fè kòmantè e sa k fè li pi fasil pou etidyan yo asiste reyinyon sa a ?

3 Èske w envite etidyan w yo pou yo asiste etid liv la ansanm avè w ? Moun ki enterese nan laverite, men ki retisan pou yo asiste reyinyon ki fèt ak anpil moun, kapab santi yo pi alèz pou yo asiste yon reyinyon kote gen mwens moun, sitou si l fèt nan yon kay prive. Anbyans amikal ki genyen nan reyinyon sa a fè li pi fasil pou timoun yo ak nouvo yo fè kòmantè. Epitou, piske gwoup la pi piti nou gen plis posiblite pou nou fè kòmantè pou nou louwe Jewova. — Sòm 111:1.

4. Nan ki sans etid liv la se yon dispozisyon ki pratik ?

4 Jeneralman, yo fè etid liv yo toupatou nan tèritwa a kote ki pi pre kay pwoklamatè yo. Byenke li pa toujou posib pou yo asiye tout moun nan gwoup ki pi pre lakay yo, men petèt sa mande mwens trajè pou yon moun asiste nan gwoup li asiye a pase lè l al asiste lòt reyinyon ki fèt nan kongregasyon an. Kote yo fè etid liv la ka apwopriye pou fè reyinyon predikasyon tou.

5. Ki jan siveyan etid liv pa nou an kapab ede nou nan ministè a ?

5 Li ede nou nan ministè a : Siveyan etid liv la enterese pou l ede chak moun nan gwoup la pou yo vin pi efikas nan ministè a, pou yo patisipe ladan l regilyèman e pou yo fè sa avèk jwa. Se sa k fè, siveyan an fè tout efò l pou l preche ak chak moun nan gwoup la, li ba yo chak èd nan diferan fasèt nan ministè a. Si gen yon aspè nan ministè a ou twouve ki difisil, tankou fè nouvèl vizit, pale sa ak siveyan etid liv ou a. Petèt li ka fè aranjman pou w travay ak yon pwoklamatè nan gwoup la ki gen plis eksperyans. Kapasite w genyen pou w kondui etid biblik ap amelyore si w suiv avèk atansyon bon metòd siveyan etid liv la itilize pou l anseye lè l ap kondui etid la. — 1 Kor. 4:17.

6. Poukisa nou ta dwe bat pou nou pwofite etid liv la omaksimòm ?

6 Etid liv la se vrèman yon gwo benediksyon ! Dispozisyon chaje lanmou sa a Jewova pran ede nou pou nou toujou rete djanm espirityèlman nan epòk difisil n ap viv la. — Sòm 26:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje