BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/04 p. 4
  • Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ?
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlman
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Kolabore ak siveyan etid liv ou a
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 6/04 p. 4

Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ?

1. Ki jan etid liv kongregasyon an te kòmanse ?

1 Nan ane 1895, Etidyan Labib yo, se konsa yo te rele Temwen Jewova yo nan epòk sa a, te konn reyini an gwoup pou etidye Labib. Yo te rele gwoup sa yo “ Cercles de l’aurore pour l’étude de la Bible ”. Yo te konn etidye yon liv ki gen plizyè tòm ki rele L’Aurore du Millénium. Apre sa, yo te vin rele gwoup sa yo “ Cercles béréens pour l’étude de la Bible ”. (Tra. 17:11.) Souvan, yon gwoup ki pa gen anpil moun te konn reyini nan yon mezon prive, nan aswè, yon lè ki bon pou gwoup la. Se konsa etid liv te kòmanse.

2. Ki sa chak moun ka fè pou “ gen yon echanj ankourajman ” nan etid liv kongregasyon an ?

2 Ankourajman ak èd nou resevwa : Etandone yo planifye pou gwoup etid liv yo pa gen anpil moun, sa bay yon bèl opòtinite pou moun k ap asiste yo eksprime fwa yo lè yo fè kòmantè. Sa vin fè “ gen yon echanj ankourajman [...] kote youn jwenn ankourajman nan lafwa lòt ”. — Wom. 1:12.

3, 4. Nan ki sans etid liv se yon dispozisyon ki ede n akonpli ministè nou ?

3 Si nou obsève fason siveyan etid liv la anseye, sa ap ede nou pou nou “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. (2 Tim. 2:15.) Note fason l fè pou l montre jan pòsyon n ap etidye a baze sou Labib. Selon piblikasyon y ap etidye a, si sa apwopriye, li ka sèvi ak Bib la sèlman pou l mete aksan sou pwen prensipal yo lè l ap fè revizyon. Bon egzanp li bay ka ede nou amelyore ansèyman nou nan ministè nou antanke kretyen. — 1 Kor. 11:1.

4 Nonsèlman siveyan etid liv la kondui etid pou semèn nan, men tou li pran latèt nan predikasyon. An kolaborasyon ak siveyan sèvis la, li pran dispozisyon ki pratik anrapò ak predikasyon. Li chèche ede tout moun ki nan gwoup li a pou yo pran responsablite yo genyen antanke kretyen pou yo preche bon nouvèl la e pou yo fè disip. — Mat. 28:19, 20 ; 1 Kor. 9:16.

5. Ki jan de èd chak moun ka benefisye grasa etid liv kongregasyon an ?

5 Siveyan etid liv la enterese nan byennèt espirityèl chak moun ki nan gwoup l ap dirije a. Li demontre enterè sa a lè l nan reyinyon kongregasyon an ak lè l ap preche ak lòt pwoklamatè yo. Li pwofite pandan l rann frè yo vizit lakay yo pou l pataje kèk don espirityèl ak yo. Tout moun ta dwe santi yo alèz pou yo abòde siveyan etid liv la chak fwa yo bezwen èd nan domèn espirityèl. — Iza. 32:1, 2.

6. a) Ki jan nan kèk peyi frè nou yo jwenn fòs nan reyinyon yo fè an gwoup ki pa gen anpil moun ? b) Ki byenfè ou jwenn pèsonèlman grasa etid liv ?

6 Se yon okazyon pou youn fòtifye lòt : Nan peyi kote pèp Bondye a pa lib pou l mennen aktivite l, byen souvan frè yo fè reyinyon an gwoup ki pa gen anpil moun. Men sa yon frè rakonte : “ Menm lè yo te entèdi nou mennen aktivite nou antanke kretyen, chak fwa sa te posib, nou te konn reyini chak semèn an gwoup ki gen 10 oswa 15 moun ladan yo. Nou te konn jwenn fòs espirityèl nan reyinyon yo, nonsèlman nan etid nou te konn fè nan Bib la, men tou grasa konpayi frè yo apre reyinyon yo. Nou te konn pataje eksperyans nou, e sa te pèmèt nou rann nou kont nou tout t ap mennen menm konba a. ” ​(1 Pyè 5:9). Menm jan ak frè sa yo, annou youn fòtifye fwa lòt lè nou soutni etid liv kongregasyon an san rezèv. — Efe. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje