BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/02 p. 1
  • Kolabore ak siveyan etid liv ou a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kolabore ak siveyan etid liv ou a
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Fason siveyan etid liv yo demontre yo enterese nan nou pèsonèlman
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Etid liv : poukisa reyinyon sa a nesesè ?
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Ki sa w ka fè pou w jwenn byenfè nan gwoup predikasyon ou ye a?
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Siveyan ki la pou pran swen twoupo a
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 11/02 p. 1

Kolabore ak siveyan etid liv ou a

1 Nou chak ka jwenn anpil byenfè nan etid liv kongregasyon an. Mwa pase nou te pale sou fason siveyan etid liv la akonpli travay li. Men, ki jan nou ka kolabore avèk li, pou ni nou menm ni lòt moun tire pwofi ?

2 Se pou w la chak semèn : Piske etid liv la pa gen anpil moun ladan l, li enpòtan pou w toujou la. Se pou w gen nan objektif ou pou w la chak semèn. Yon jan w ka ede siveyan an ankò, se lè w rive alè, paske sa ap pèmèt li kòmanse reyinyon an nan lòd ak disiplin. — 1 Kor. 14:40.

3 Fè kòmantè ki ankourajan : Yon lòt fason ou ka kolabore ak siveyan an, se lè w byen prepare, epi ou fè kòmantè ki ankourajan. Byen souvan, li pi bon lè w fè kòmantè sou yon sèl pwen, e sa ankouraje lòt moun fè kòmantè tou. Evite fè yon kòmantè sou tout sa ki nan yon paragraf. Si gen yon pwen nan etid la ou renmen, fè yon kòmantè sou sa w gen nan kè w la, sa ap fè etid la pi pwofitab pou lòt moun yo. — 1 Pyè 4:10.

4 Si w gen privilèj pou w li paragraf yo pou gwoup la, pran responsablite sa a oserye. Lè w byen fè lekti a, sa leve nivo etid la e sa fè l pi enteresan. — 1 Tim. 4:13.

5 Preche avèk gwoup la : Reyinyon pou predikasyon fèt plizyè kote ki gen etid liv. Lè w soutni randevou sa yo, ou ede siveyan an, li menm ki alatèt nan aktivite predikasyon an. Se pou w konsidere dispozisyon sa yo kòm okazyon ou genyen pou w vin pi pwòch frè w yo, e pou w ankouraje yo.

6 Remèt rapò sèvis : Yon lòt fason ou ka kolabore ak siveyan an, se lè ou remèt rapò w tousuit nan fen chak mwa. Ou ka remèt li rapò a nan men oswa ou ka mete l nan bwat pou rapò yo ki nan Sal Wayòm nan. Sekretè a ka sèvi ak bwat sa a pou l rasanble tout rapò siveyan etid liv yo te resevwa.

7 Si w kolabore ak siveyan etid liv ou a moun pap manke pa wè sa. E sa ki pi enpòtan, ou mèt sèten Jewova ap ‘ avèk etadespri ou manifeste a ’. — Fil. 4:23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje