BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/12 p. 7
  • Senk fason pou nou jwenn etid biblik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Senk fason pou nou jwenn etid biblik
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Èske w mande yo pou yo fè w pran kontak ak lòt moun ?
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Setyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Tout kongregasyon an ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 10/12 p. 7

Senk fason pou nou jwenn etid biblik

1. Si nou gen pwoblèm pou nou jwenn etid biblik nan tèritwa nou, ki sa nou ka fè, e poukisa?

1 Èske nou twouve li difisil pou nou jwenn moun pou nou etidye Labib ak yo? Kontinye fè efò pou sa. Jewova beni moun ki pa sispann fè volonte l (Gal. 6:9). Pi ba a yo bay senk sijesyon ki ka ede nou.

2. Ki jan nou ka sèvi ak metòd dirèk la pou nou kòmanse etid biblik ak moun yo?

2 Sèvi ak metòd dirèk la: Gen anpil moun ki konnen nou konn ofri moun Toudegad ak Reveillez-vous?, men, petèt yo ka pa konnen si nou konn fè etid biblik ak moun. Poukisa nou pa eseye metòd dirèk la lè n ap preche kay an kay? Anplis de sa, nou ka mande moun ki enterese n al vizite yo si yo pa ta renmen fè yon etid biblik. Si yo pa dakò, nou ka kontinye pote peryodik pou yo e nou ka kontinye kiltive enterè yo demontre. Gen yon frè ki te vizite yon koup marye pandan plizyè ane li te gen wout peryodik avèk yo. Apre li te fin kite dènye peryodik yo pou yo, li vire pou l ale, men gen yon dènye lide ki pase nan tèt li, li mande yo: “Èske nou pa ta renmen etidye Labib?” Se pa ti sezi li sezi lè yo reponn li wi. Kounye a mesyedam yo batize.

3. Èske nou ta dwe panse tout moun ki vin asiste reyinyon yo gen yon moun k ap etidye Labib avèk yo? Esplike.

3 Ofri moun ki vin nan reyinyon etid: Pinga nou panse tout moun ki enterese ki vin nan reyinyon yo deja gen yon moun k ap etidye Labib avèk yo. Men sa yon frè rakonte: “Plis pase mwatye nan etid biblik mwen te genyen se moun mwen te pale avèk yo lè yo te vin asiste reyinyon.” Gen yon sè ki te deside abòde yon dam timid ki te gen pitit fi l yo ki batize nan kongregasyon an. Dam nan gen 15 an depi l ap asiste reyinyon nan kongregasyon an e li toujou vin nan Sal Wayòm nan egzakteman lè reyinyon pral kòmanse e li ale imedyatman apre reyinyon fini. Dam nan te dakò pou sè a fè yon etid ak li e finalman dam nan te pran laverite. Men sa sè a te ekri: “Mwen regrèt mwen te tann 15 an anvan m te mande l si l ta renmen etidye!”

4. Ki jan nou ka sèvi ak moun k ap etidye yo oubyen ak lòt pwoklamatè yo pou n jwenn etid biblik?

4 Mande lòt moun: Gen yon sè ki toujou fè efò pou l akonpaye lòt moun nan etid yo genyen. Nan fen etid la li mande moun ki gen etid la otorizasyon pou l mande etidyan an si l pa konnen lòt moun ki ta renmen gen yon etid tou. Lè n ap ofri yon moun nou vin vizite liv Ki sa Labib anseye a, nou ka mande l: “Èske w konnen yon lòt moun ki ta renmen gen yon liv konsa?” Dèfwa, sitiyasyon yo konn pa pèmèt yon pwoklamatè oubyen yon pyonye etidye ak yon moun yo rankontre nan tèritwa a. Kidonk, fè yo konnen nou disponib, si yo jwenn etid yo mèt ba nou yo.

5. Poukisa nou ka mande konjwen ki pa kwayan yo si yo ta renmen etidye Labib?

5 Ofri konjwen ki pa Temwen yo etid: Èske gen moun nan kongregasyon an ki gen konjwen yo ki pa Temwen? Gen kèk moun ki pa kwayan ki pa vle pale ak konjwen yo ki kretyen sou Bib la men yo dakò pou yo etidye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Byen souvan li pi bon pou nou pale ak konjwen ki kwayan an anvan pou nou ka konnen ki pi bon metòd pou nou itilize.

6. Ki enpòtans lapriyè genyen lè n ap fè efò pou nou jwenn yon etid biblik?

6 Lapriyè sou sa: Pinga nou souzestime pouvwa lapriyè genyen (Jak 5:16). Jewova pwomèt nou l ap tande priyè nou fè l lè yo ann amoni ak volonte l (1 Jan 5:14). Gen yon frè ki te gen yon pwogram ki chaje anpil, li te priye Jewova pou l te ka jwenn yon etid biblik. Madanm li t ap mande tèt li si mari l t ap jwenn tan pou l pran ka yon etidyan, sitou si etidyan an gen anpil pwoblèm. Konsa, madanm li te priye Jewova sou sa. Li te pale de pwoblèm sa a nan lapriyè li t ap fè pou mari l te ka jwenn yon etid. Jewova te reponn priyè yo te fè yo, de semèn apre yon pyonye nan kongregasyon an te jwenn yon mesye ki ta renmen etidye e li te bay frè a etid la. Men sa madanm frè a di: “Tout moun ki panse kondui yon etid biblik se yon bagay ki twòp pou yo, men sa m di yo: se pou nou presi nan priyè n ap fè yo, epi pa sispann priye sou sa. Nou jwenn plis jwa pase sa m te ka imajine.” Si nou pèsevere, nou menm tou nou ka jwenn lajwa pou nou ede yon moun “jwenn wout ki mennen nan lavi a.” — Mat. 7:13, 14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje