Predikasyon an gwoup bay kè kontan
1 Lè Jezi t ap voye 70 disip li yo al preche, li te di yo sa pou yo di, li te mete yo de pa de e li te fè yo konnen nan ki tèritwa pou y al preche. Tout sa te ba yo kè kontan (Lik 10:1-17). Menm jan an tou jodi a, yo fè predikasyon an gwoup pou yo ka ekipe, òganize e ankouraje pèp Bondye a nan travay predikasyon an.
2 Se ansyen yo ki pran latèt : Ansyen yo jwe yon gwo wòl pou ede tout moun patisipe regilyèman nan predikasyon. Se siveyan sèvis la ki pran dispozisyon pou predikasyon lasemèn. Se chak siveyan etid liv ki responsab pou òganize predikasyon pou gwoup pa l, sitou lè se wikenn. Nan ka kote se tout kongregasyon an ki reyini pou predikasyon, tankou apre etid Toudegad, chak siveyan etid liv ap okipe l de gwoup pa l.
3 “ Yon fason ki konvnab e nan lòd ” : Moun yo chwazi ki pou dirije reyinyon predikasyon an dwe kòmanse alè e reyinyon an dwe dire ant 10 a 15 minit. Li pi bon, depi anvan yo priye, pou l fòme gwoup yo e pou l di nan ki tèritwa yo pral preche (sof si siveyan chak gwoup etid pral fè sa apre, tankou jan sa te mansyone anvan). Sa fè pwoklamatè yo pa tèlman bezwen al gwoupe nan tèritwa a, yon bagay ki pa kadre ak diyite travay predikasyon an. Sa ann amoni ak yon konsèy Pòl bay kote li di : “ Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd. ” (1 Kor. 14:40). Tout moun ki vin nan randevou predikasyon an sipoze kolabore pou tout bagay ka byen pase e sa ap rive fèt si yo vini alè, si yo byen kolabore ak moun k ap dirije gwoup la e si yo al nan tèritwa a san pèdi tan, yon fwa reyinyon an fini.
4 Sa fè nou vin pi pwòch youn ak lòt : Dispozisyon yo pran pou nou soti nan predikasyon an gwoup ban nou yon bèl posiblite pou youn konnen lòt pi byen nan kongregasyon an. Pa gen anyen mal pou de pwoklamatè fè aranjman pou yo preche ansanm, se vre, men l ap bon tou pou yo asiste reyinyon yo fè pou predikasyon an san yo pa fè okenn aranjman alavans. Petèt, yo ka mete nou preche ak yon moun nou pa fin byen konnen. Konsa, sa ban nou okazyon pou nou “ elaji ” lanmou nou. — 2 Kor. 6:11-13.
5 Lefètke nou patisipe nan predikasyon an gwoup, sa ban nou ankourajman e sa fè nou vin pi pwòch youn ak lòt antanke moun k ap ‘ travay ansanm nan laverite ’. (3 Jan 8.) Annou byen patisipe nan aktivite sa a.