Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann oktòb: Toudegad ak Réveillez-vous! Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik. Novanm ak desanm: Pwoklamatè yo ka ofri youn nan feyè sa yo: Èske w ta renmen konn verite a?; Jéhovah: Qui est-il?; Jésus Christ: Qui est-il?; Tout soufrans pral fini talè konsa! Si moun nan enterese, sèvi ak liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a pou nou kòmanse yon etid biblik oubyen sèvi ak youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan. Janvye: Nou ka ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo: Dieu se soucie-t-il vraiment de nous?; Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?; Kontinye veye!; La Bible — Quel est son message?; Lè lanmò pase pran yon moun pa w...; Ou kapab vin zanmi Bondye!; Un livre pour tous. Lè n ap fè yon vizit nou ka ofri moun nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a oubyen si nou wè youn nan bwochi sa yo Koute Bondye oubyen Koute Bondye pou w viv pou toutan ap pi apwopriye pou moun nan, ofri l li pito, epi fè efò pou nou kòmanse yon etid biblik.