Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa novanm
“Pifò nan nou enterese nan yon bon gouvènman. Dapre ou menm, ki kalite gouvènman ki ka rezoud pwoblèm lèzòm genyen jodi a? [Kite moun nan reponn.] Gade ki sa yo di nan peryodik sa a.” Bay moun nan Toudegad 1ye novanm nan (fransè), fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye novanm
“M ta renmen tande opinyon w sou kesyon sa a. Si w ta gen privilèj pou w poze Bondye yon kesyon, ki kesyon w t ap poze l? [Kite moun nan reponn.] Selon Jezi li nòmal pou nou chèche repons pou kesyon ki enterese nou. [Li Matye 7:7.] Peryodik sa a montre repons Bib la bay pou twa kesyon enpòtan sa yo.” Montre moun nan kesyon ki anba nan paj 3 a.
Réveillez-vous! Novanm
“N ap vizite tout vwazen nou yo pou nou fè yon ti pale avèk yo sou sa ki ka ede yo reyisi lavi fanmi yo. Li kouran jodi a pou nou wè fanmi kote se yon sèl paran k ap leve pitit li poukont li. Èske w panse fanmi sa yo gen plis pwoblèm pase fanmi ki gen de paran k ap leve timoun yo? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil paran ki jwenn konsèy ki itil yo nan Bib la. [Li 2 Timote 3:16.] Peryodik sa a egzamine kèk konsèy ki ka ede paran k ap leve pitit poukont yo reyisi nan wòl y ap jwe a ki mande anpil tan, anpil enèji ak anpil atansyon.”