Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa out la
“Gen anpil relijyon, e moun adore Bondye divès fason. Dapre ou menm, ki jan Bondye santi l lè l wè sa? [Kite moun nan reponn.] Annou gade sa Jezi te di sou sa.” Bay moun nan Toudegad 1ye out la (fransè), epi fè yon ti pale avèk li sou sa nou jwenn nan premye soutit ki nan paj 16 la, e pale sou omwen youn nan vèsè yo site yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye out
“Èske paran yo ta dwe aprann pitit yo konnen Bondye pandan yo piti? Oubyen èske l pa t ap pi bon pou yo tann lè timoun yo pi gran, konsa timoun yo ka chwazi sa yo menm yo vle kwè nan kesyon relijyon? [Kite moun nan reponn.] Annou gade sa Labib mande papa yo pou yo fè. [Li Efezyen 6:4.] Peryodik sa a bay kèk konsèy sou fason paran yo ka aprann pitit yo konnen Bondye.”
Réveillez-vous! Out
“Mwen ta renmen konn sa w panse sou vèsè nou pral li la a. [Li 1 Samyèl 16:23.] Selon sa nou te li a, mizik gen anpil enfliyans sou moun. Èske w panse li posib pou kèk mizik gen move enfliyans sou moun k ap koute yo? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou fason nou ka chwazi mizik n ap koute avèk sajès e kòman nou ka ede pitit nou fè sa tou.”