BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/11 p. 8
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2011
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Jan pou nou prezante peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2011
km 4/11 p. 8

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa me a

“Èske w pa janm mande tèt ou poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans? [Kite moun nan reponn.] Mwen ta renmen montre w yon bagay enteresan sou sijè sa a.” Ale nan Toudegad 1ye me a, li enfòmasyon nou jwenn anba premye soutit ki nan paj 16 la ansanm ak moun nan. Ansuit, li youn nan tèks biblik yo bay kòm referans yo. Apre sa, ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou nou retounen vin reponn kesyon ki vin apre a.

La Tour de Garde 1ye me

Li Sòm 37:10, 11. Apre sa, mande moun nan: “Èske w panse n ap wè pwomès sa a reyalize talè konsa? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a pale sou sis pwofesi ki nan Bib la k ap akonpli kounye a, pwofesi sa yo pwouve pwomès sa a pa ka pran lontan anvan li reyalize.”

Réveillez-vous! Me

“Gen kèk moun ki di se zannimo yo ki evolye ofiramezi jiskaske yo vin tounen moun. E ou menm ki sa w panse? [Kite moun nan reponn. Apre sa, li Sòm 139:14.] Se vre, salmis lan pa t konn tout bagay sou kò moun ki se yon mèvèy. Peryodik sa a egzamine sa nou konnen kounye a sou kò moun, e li esplike sa k fè nou pa menm ak bèt yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje